Medsen San Fwontyè Ayiti WhatsApp Channel

Medsen San Fwontyè Ayiti

8.0K subscribers

Verified Channel

About Medsen San Fwontyè Ayiti

Byenvini sou chèn WhatsApp ofisyèl Medsen San Fwontyè Ayiti a! 📢🏥 Sou platfòm sa w ap resevwa bon jan enfòmasyon sou aktivite nou yo, sèvis medikal nou yo, ak konsèy sante ki fyab. Ansanm, ann konbat move enfòmasyon ki ap sikile epi fasilite aksè ak laswenyay. 📢 Pataje chèn sa epi envite zanmi, fanmi, ak pwòch ou yo pou yo rejwenn nou nan lide pou yo jwenn enfòmasyon esansyèl! Itilize QR kòd ki anba a pou fasilite aksè a.

Similar Channels

Swipe to see more

Posts

Medsen San Fwontyè Ayiti
Medsen San Fwontyè Ayiti
6/18/2025, 3:15:59 PM

📢📢 Èske ou konnen sa yo rele swen kangouwou a❓️❓️❓️

👍 1
Medsen San Fwontyè Ayiti
Medsen San Fwontyè Ayiti
6/17/2025, 3:00:22 PM

Pou ane 2025 lan, soti janvye pou rive mas, genyen *535* ti bebe ki fèt nan matènite Medsen San Fwontyè ap jere Pòtapiman an. Pami tout ti bebe sa yo ki fèt, nou te genyen: 👶🏾 366 kouch nòmal 🩺 76 sezaryèn ⚠️ 93 ka konplike (sezaryèn ak kouch nòmal) Misyon nou rete menm nan, *𝐩𝐞̀𝐦𝐞̀𝐭 𝐚𝐤𝐨𝐮𝐜𝐡𝐦𝐚𝐧 𝐟𝐞̀𝐭 𝐧𝐚𝐧 𝐭𝐨𝐮𝐭 𝐬𝐞𝐤𝐢𝐫𝐢𝐭𝐞* pou kapab diminye kantite manman ak ti bebe ki ap mouri.

Post image
❤️ 👍 👏 🙏 😢 😮 🤝 🫂 38
Image
Medsen San Fwontyè Ayiti
Medsen San Fwontyè Ayiti
6/19/2025, 12:00:39 AM

Webinè sou aksè ak swen medikal nan Pòtoprens lan kòmanse, ou kapab rejwenn nou sou zoom kounya. Nou tout konsène👌🏾 https://doctorswithoutborders.zoom.us/j/89177716223 Webinè ID: 891 7771 6223

❤️ 3
Medsen San Fwontyè Ayiti
Medsen San Fwontyè Ayiti
6/18/2025, 6:11:12 PM

🙏🏾Mèsi ak tout moun ki patisipe nan sondaj la. Nan matènite Medsen San Fwontyè ap jere Pòtapiman an, fanm saj yo toujou ankouraje manman yo pou yo pratike kontak po kont po ak ti bebe yo. Se li yo rele swen kangouwou a, yon jès ki senp, men ki gen anpil benefis pou sante ak afeksyon manman an ak ti bebe a. Papa a kapab fè l tou. 🎥Pran yon ti tan pou w gade videyo a pou w ka konnen kisa ki swen kangouwou a.

❤️ 👍 🙏 🥰 25
Video
Medsen San Fwontyè Ayiti
Medsen San Fwontyè Ayiti
6/13/2025, 4:37:16 PM

14 jen se jounen mondyal bay san, Medsen San Fwontyè ap fè yon ti chita pale sou sijè sa aprèmidi an. N ap andirèk sou paj Facebook nou an a 3zè: https://www.facebook.com/share/1Bz2pV8jDz/ Nou envite w patisipe ak nou nan ti bat bouch sa pita a 3zè

👍 ❤️ 🙏 15
Medsen San Fwontyè Ayiti
Medsen San Fwontyè Ayiti
6/18/2025, 9:50:27 PM

🩺 *Aksè ak swen medikal nan Pòtoprens* Nou kontan envite w nan yon webinè ki ap fèt pita a 8è. 📢Medsen San Fwontyè ap òganize seminè dijital sa nan objektif pou pote temwayaj bay dyaspora ayisyèn nan sou reyalite grav moun nan kapital la ap viv nan kesyon aksè ak sèvis lasante chak jou. Ou ka rezève plas ou lè w klike sou lyen sa👇🏾 https://www.eventbrite.com/e/1395312028839

❤️ 👍 4
Medsen San Fwontyè Ayiti
Medsen San Fwontyè Ayiti
6/13/2025, 7:18:01 PM

https://www.facebook.com/share/v/1AcNYLFWDD/ Branche live la kounya

❤️ 👍 11
Medsen San Fwontyè Ayiti
Medsen San Fwontyè Ayiti
6/12/2025, 9:59:10 PM

"Lè m ap panse ak pasyan k ap tann swen, sa ban m plis motivasyon, menm si sitiyasyon an difisil." Deklarasyon Marie Lude, Responsab Ladwann. Depi plizyè lane, li ap bay tout li menm chak jou pou pwojè MSF yo ka kontinye sove lavi, malgre blokaj, reta ak tout ensekirite ki genyen. 💪 Mèsi ak tout moun tankou Marie Lude k ap travay nan lonbraj pou rann travay la posib.

Post image
❤️ 👍 🙏 🔥 48
Image
Medsen San Fwontyè Ayiti
Medsen San Fwontyè Ayiti
5/19/2025, 9:48:32 PM

3 Reyaji ak yon emoji ki rezime tout sa ou anvi di apre ou fin li istwa Emmanuel la👌🏾

Post image
🙏 👍 😢 ❤️ 👏 😮 🫂 💪 125
Image
Medsen San Fwontyè Ayiti
Medsen San Fwontyè Ayiti
5/14/2025, 8:15:58 PM

🩺Depi plis pase 30 lane, nou mobilize tout sa nou genyen nan peyi Dayiti pou reponn ak ijans medikal ki pi grav yo. Kijan ou wè travay Medsen San Fwontyè (MSF) nan peyi a?

❤️ 🇭🇹 🙏 👍 🙊 11
Link copied to clipboard!