
Pwezi Libète
February 27, 2025 at 12:04 AM
Bouretye ! Sa w pote la, fatra,chabon ?
On ti jèn wi !22 lane wi apèn diplome wi!
Ahhh! Metòd sa fenk parèt ?
kounya lè w diplome se nan bourèt ou sikile?
Diplòm fel panse l se wa,mete nèg la atè!
Li pa ka mache non !
Li pè solèy? Apa tout kò l vlope li gen fyèv?
Poukisa se dra blan ? Apa l pa fè mouvman?
Enben f on kanpe monchè ! Ou pa bouke ?
Gason sa paka pa lou, anplis li tou diplome !
M pa fatige se sanm li ye,pitit kouzin mwen.
M ap pouse l menm si m pa konn kote m prale.
Men Lapolis wi! Pran on souf non monchè!
Men g on cha blennde tou pre nou wi.
Ahh ! M pa fye nèg sa yo m pi pè yo ke bandi.
Tout cha w wè yo se Cha-Wonyyy.
Te m kontinye pouse jouk souf mwen koupe.
Allan

😢
🙏
💔
❤️
😥
😩
😭
🥹
17