
THE GABRIEL POST
February 17, 2025 at 05:56 PM
⚠️ ATANSYON! VIJILANS! PRIDANS! ⚠️
Yon gwo balèn mouri jwenn nan lanmè Obòy, nan Depatman Nò, Ayiti, epi li deja kòmanse dekonpoze! Sa vle di li ka pote mikwòb ak maladi ki danjere pou sante moun ak anviwònman an.
Nou mande tout moun pou yo pa pwoche ak li epi pa eseye pran vyann li. Bèt ki mouri konsa ka kontamine epi lakòz grav pwoblèm sante, tankou entoksikasyon ak enfeksyon.
Nou mande otorite yo—Ministè Agrikilti, Sante Piblik ak Anviwònman—pou yo aji rapid pou evite nenpòt dezas sante piblik.
Moun ki rete toupre zòn nan, tanpri pran prekosyon! Se pa tout sa lanmè voye ki bon pou nou. Ann pwoteje tèt nou ak fanmi nou!
Tanpri PATAJE pou plis moun ka enfòme! ✅
Valcourt Robenson Confiance INFO | 16/02/25
