
D.E.V.O.I.R. CONSULTING 🎯COACHING 📈
February 10, 2025 at 12:33 PM
Ann mete tèt ansanm pou nou vanse !
Nan lavi ak nan biznis, pa gen siksè san inite, san koperasyon, san echanj ak patenarya. Lè nou sipòte biznis zanmi nou yo, se pa sèlman yo nou ede, men nou kreye tou yon rezo ki ka pèmèt nou tout grandi ansanm.
Poukisa li enpòtan pou nou sipòte yonn lòt ?
✅ Echanj sèvis ak Opòtinite
Lè ou fè patenarya ak yon lòt antreprenè, ou ouvri pòt pou nouvo opòtinite. Jodiya se ou k ap achte nan men li, demen se li k ap sipòte ou.
_Yon men lave lòt, de men lave figi (Youn kenbe po dlo a epi lòt ki pi djanm lan fè kontinite a)!_
✅ Fòs kolektif pou reyalize gwo pwojè.
Yon sèl moun ka bati yon ti bagay, men yon gwoup ka bati yon enstitisyon, yon rezo, menm yon ekonomi. Lè nou mete ansanm, nou ka atenn nivo ki pi wo.
✅ Mwayen finansye ak envestisman
Yon biznis pa ka grandi san kapital. Lè nou fè envestisman nan biznis moun nou fè konfyans, lidè nou bay kredi, nou ede yo grandi, epi nou menm tou nou benefisye retou sou envestisman an #roi.
✅ Kreyasyon travay ak devlopman kominote nou.
Lè yon biznis grandi, li kreye travay pou lòt moun, li ranfòse ekonomi lokal la, li bay jèn plis opòtinite. Sa vle di nou tout benefisye lè nou sipòte yonn lòt.
✅ Siksè yonn se siksè tout
Pafwa, nou panse si nou ede lòt moun avanse, nou pèdi. Fòk nou chanje mantalite sa a. Yon zanmi ki reyisi ka ede w louvri pòt, mete w an kontak ak bon rezo, oswa menm vin tounen patnè ou.
🛠 Kijan nou ka sipòte yonn lòt ?
📈 Achte pwodwi ak sèvis zanmi/fanmi ou yo olye ou ale chèche l lòt kote.
Pran li nan men l achte ak meyè pri olye ou ap plede mande rabè ?%.
🗣️ Pataje, pale ak fè pwomosyon biznis yo sou rezo sosyal ou.
👥 Refere lòt moun ba zanmi/ fanmi.
💡 Kolabore sou yon pwojè ansanm.
🔹 Patisipe nan evènman zanmi w yo.
📊 Fè plis envestisman si w gen mwayen
📎 Fè patenarya kote nou ka mete talan ak resous nou ansanm
📢 ANN BATI AVNI NOU ANSANM !
Nou ka fè anpil bagay si nou mete tèt ansanm, si nou sipòte yonn lòt, si nou mete kè nou ak vizyon nou ansanm nan krent Bondye. Jodi a se ou k ap ede yon lòt, demen se ou k ap resevwa yon men !
🔥 Lè nou ini, nou pi fò ! 🔥
#f.A.F.

👍
❤️
😮
🙏
5