Ton Evens
Ton Evens
February 23, 2025 at 05:52 PM
📚 AYISYEN87 PODCAST – ENFÒMASYON ENPÒTAN SOU TPS AYITI 🇭🇹 Nou menm nan Ayisyen87 Podcast, nou toujou la pou pote limyè bay tout Ayisyen k ap chèche verite ak bonjan enfòmasyon. 👨🏿‍💻 Gouvènman Ameriken an fè yon chanjman sou TPS pou Ayiti, e nou vle tout moun ki afekte yo rete enfòme sou sa k ap pase. 📌 Ki sa ki chanje? Daprè dènye piblikasyon sou Federal Register, peryòd TPS pou Ayiti ki te dwe dire 18 mwa redui a 12 mwa. 🔹 Anvan: TPS te valab jiska 3 fevriye 2026 🔹 Kounye a: TPS ap ekspire 3 out 2025 📌 Sa chanjman sa vle di pou ou? 👉🏾 Si ou deja sou TPS, dokiman ou te resevwa ak dat 3 fevriye 2026 rete valab jiska 3 out 2025. Ou pa bezwen re-soumèt aplikasyon pou kounye a. 👉🏾 Si ou vle aplike pou TPS, ou genyen jiska 3 out 2025 pou soumèt aplikasyon ou. 👉🏾 Si ou gen yon EAD (Employment Authorization Document) ki montre dat 3 fevriye 2026, li otomatikman valide jiska 3 out 2025. 📌 Ki kote ou ka verifye enfòmasyon sa yo? Pou w ka wè tout detay yo ak dokiman ofisyèl gouvènman an, klike sou lyen sa a: 🔗 Federal Register - TPS Ayiti: https://www.federalregister.gov/documents/2025/02/24/2025-02970/partial-vacatur-of-2024-temporary-protected-status-decision-for-haiti Nou konnen jan TPS enpòtan pou anpil nan nou, se sak fè Ayisyen87 Podcast ap toujou rete veyatif pou pote verite ba nou. Se limyè n ap chèche pou tout moun! 💡🇭🇹

Comments