
GABINFO AYITI
February 14, 2025 at 04:06 AM
*GABINFO AYITI* 💡💡💡
*Gang ame boule lopital jeneral*
Jedi aprèmidi sa a, mesye ame ki soti nan kowalisyon Viv Ansanm mete dife nan Lopital Inivèsite Leta Ayiti (HUEH), ke yo rele lopital jeneral.
Dapre Évelyne Prémont, responsab sendika anplwaye HUEH, plizyè sèvis esansyèl ravaje pa flanm dife yo, tankou achiv santral yo, radyoloji, famasi, òtopedik, sal operasyon an ak depatman operasyon an.
Sonje ke sa gen plis pase yon ane, lopital jeneral la te abandone pa otorite yo e se anba kontwòl gang ame yo li ye
Abòne epi pataje lyen sa a https://whatsapp.com/channel/0029VaE1sb9BKfi0D4Wlr
