
GABINFO AYITI
February 17, 2025 at 10:32 PM
*GABINFO AYITI* 💡💡💡
*Nouvo masak nan wout frè, plis ke 11 mò*
Bandi ki fè pati gang Kraze Baryè a, ki dirije pa Vitelhomme Innocent, fè yon nouvo masak nan nwit 16 pou rive 17 fevriye 2025. Masak sa a fèt nan "Chato Blon", yon lokalite ki chita sou wout de Frè tou pre Akademi Lapolis la, nan komin Petyonvil.
Nan yon sèl kay bandi yo touye 5 moun, gen 2 moun ki mouri nan yon lòt kay vwazen, san konte moun ki mouri deyò kay la. An total, gen plis pase 11 kadav nan zòn nan ke nou obsève.
Atravè masak sa a, manm òganizasyon kriminèl sa a te vinn tire revanj pou yon bandi ki te mouri nan zòn nan. Pou yo satisfè, yo te antre nan kay prive epi yo te egzekite plizyè fanmi
Abòne epi pataje lyen sa a https://whatsapp.com/channel/0029VaE1sb9BKfi0D4Wlrh1g
