⏳💢Brase Lide 💢⏳
⏳💢Brase Lide 💢⏳
February 28, 2025 at 01:34 PM
Bonjou tout moun! Lizay pou nou. Men pwovèb ak mo ayisyen pou jodi a. Pwovèb la se :"Padon pa geri maleng". Pwovèb sa a yo itilize l sitou pou aprann nou gen bagay yon moun fè w ki kite yon maleng nan kò w, yon sikatris nan kò w ke ni padon ni eskiz, ni okenn anyen paka efase. Tout moun konn sa deja. Depi ou pran 2 moso bwa, 2 moso fè oubyen 2 wòch ou fwote yo ansanm yap vin cho, yo ka menm fè dife. Se menm jan an tou nan rapò moun ak moun ka gen chalè, babye, joure, kont, dezagreman, batay. Ka gen tout kalite bagay ki lakòz 2 moun ki te byen anpil vin 2 gwo enmi. Se vre gen moun ou rankontre sou wout ou swa lekòl, swa nan travay, swa legliz, swa nan katye kote w rete ki vin zanmi ou, yon zanmi ou viv ak li tankou frè ou tankou sè ou. M gen zanmi m te fè depi lè m de nan preparatwa 2 sa gen plis pase swasantan. Nou poko gen kont yon jou alevwa poun ta vin enmi. Esperyans montre m nan 6 kategori zanmi yon moun ka genyen ( zanmi katye, zanmi lekòl, zanmi plezi, zanmi zanmi ou, zanmi travay ak zanmi legliz) zanmitay ki rete plis se lekòl ak legliz, apresa se zanmi ou fè nan travay. Nan Zanmi lekòl ou genyen wap kite (depi elèv la double klas la li pèdi zanmi ki pase yo). Zanmi nan katye bò lakay ou se zanmi d okazyon, yo chanje fasil paske si w se mèt kay ou nan Katye kote ou rete a epi vwazen an se lokatè depi li chanje katye li chanje zanmi tou paske li pral jwenn okazyon pou l fè lòt zanmi. Zanmitay pa w avèl la ap disparèt paske abitid ki te makònnen nou ansanm nan disparèt tou. Tan nou pa wè ankò ak sikonstans yo ap efase abitid sa a yo. Wap dakò avè m gen moun ki vin zanmi w se yon trezò ou jwenn. Ou pa janm ka regrèt ou zanmi moun sa a. Konsa tou gen moun ki vin zanmi ou letan pral montre se pi gwo erè ou te fè paske ou te aksepte moun sa kòm zanmi. Men sak ka parèt biza a nan yon saldeklas, nan yon legliz, nan yon administrasyon kote wap travay , chaje ak moun; wap wè se 2 ou 3 ki zanmi w e ki rete zanmi w. M sonje nan lekòl Charles Moravia kote m fè primè m, klas sètifika a lè m te ladan l te gen 26 elèv. M sonje non 23 ou 24 preske tout men se yon sèl ki rete pi bon zanmi m se Joseph Jean Jacques. Ou pap janm ka gen tout larepiblik kòm zanmi ou paske zanmitay pa fasil e kenbe yon zanmitay pi difisil toujou. Wap dakò avè m gen zanmi ou genyen se pa ou ki chache byen ak moun sa a. Gen moun ki zanmi sa ou genyen, genyen ki zanmi ou pou sa ou reprezante nan sosyete a, gen moun ki zanmi ou pou sa ou vo e konsa tou gen moun ki zanmi ou pou yo ka fè dyòlè e fè lòt moun konnen ou se zanmi yo. Gen moun ki vle zanmi w ou pa ba li bò pou l zanmi w li fache ak ou e li tèlman fache kont ou si l te jwenn touye ou li tap fè l. M konnen yon chèfleta yon jounalis rayi pou l mouri paske jounalis la te vle zanmi chèfleta a e chèfleta a pa bal bò. Poukisa ou konprann jounalis sa a te vle zanmi chèfleta a? Jounalis sa a te bezwen chèfleta a aksepte l kòm zanmi yon fason pou l te ka fè dyolè, pou l te ka fè lòt moun wè, lòt moun konnen li se zanmi chèfleta a. Gen zanmi se mouton yo ye. Si se yo wap tann pou gen kont avè w ou fin rive. Konsa tou genyen si ou okipe yo wap fè kont ak yo chak jou. M sonje m tap dirije yon radyo gen yon kolaboratè m te tèlman fatige avèl m te deside menmsi mal nan prizon pou m te fèl sispann. Misye te pès pase lapès, li tripotay, li sousou. Yon jou m bay misye yon bourad epi map tann li reponn mwen. Misye pat reponn. Misye te tèlman rann lavi m enposib m te menm rive di si yon jou yon moun ta mande m si m rankontre yon denmon deja m tap di m rankontre misye. Men pi move moun pou yon kretyen vivan rankontre nan vi ou se yon moun ki se yon ratmòdesoufle. Li avè ou li pa avè ou. Se li se pa li. Li gen kont avè w Jodi demen li prezante eskiz; apre demen li blese w pi rèd. Gen bagay yon moun fè w ou pap gen pwoblèm pou padone l. Men gen bagay yon moun fè w li pran anpil tan pou l efase nan lespri. Bay kou bliye pote mak sonje. Se yon sitiyasyon konsa Jacques Romain dekri nan Gouverneur de la Rosée. Si Jèvilen jèvilis te bliye mannouel patap mouri Jan l mouri a non. Gen moun kap fè w soufri se kòmsi sa lap fè w la pa yon mal, se kòmsi li pa konsyan si se soufri lap fè w soufri. Sak pi fè mal la se lè moun kap fè w soufri a ap eseye fè ou menm ki viktim nan pase pou bouwo e li menm ki bouwo a li pase pou viktim. Sa poko rive w pou yon moun fè w yon bagay ki blese w jous nan zo epi pou l mande ou sa w gen la a atò? Li pran ou pou yon rechiya, yon bebelala. Padon pa geri maleng. Lap blese w lap mande w padon. Men pou padon an te gen valè fò k li te sispann blese w non li kontinye bwase kouto a nan maleng nan. Gen bagay yon moun te fè w li pat bezwen kite mak sou kò w non pou sonje l e chak fwa ou sonje l li fè ou mal menm jan ak premye fwa a. Padon, eskiz ka soulaje w men yo pa efase mak sa ou tap sibi a kite nan nanm ou, ni efase souvni move zak sa a kite nan memwa ou. Gen soufrans anyen paka efase. Gen souvni ki travèse plizyè jenerasyon anvan l efase. Granpapa m bò manmanm mouri anpwazonnen nan yon likè yon neve l bali yon 2 janvye. M potko fèt lè sa te pase a. Kòman m fè konn sa? Se paske anpil bagay ki fè n mal nou pa gade souvni an pou nou sèlman nou transmèt li bay jenerasyon kap monte a. Manmanm te di m ou wè entèl si ou jwenn ni nan lari di l bonjou, di l bonswa paske se fanmi n li ye men m pa voye ou lakay li ni manje nan menl. Granpapa m gen 73 zan depi l mouri souvni sikonstans ki te mennen l anba tè a la toujou. Moun sa a ki te fè sa a m pat janm wè moun lakay mwen al lakay li, ni limenm tou m pat janm wè li vin lakay nou. Li ka regrèt sa li te fè a men èske regrè, remò li genyen efase souvni mal li te fè a ? Kèlkeswa sa yon moun ta fè apre li fin poze yon zak ki fè lòt moun soufri li pap janm ka repare dega zak li a fè. Se konsa pou konprann li lè yo di w evite miyò pase mande padon. Mo a jodi a se "remò". Se yon mo nou sèvi pou n pale de yon santiman ki fè mal anpil, ki fè nou santi nou wont tèt nou lè konsyans nou di n nou mal aji. Ou paka gen remò si konsyans ou pa reveye e depi li pa reveye ou pap janm konnen lè w fè yon bagay ki mal. Men ou pap gen remò si bagay ou pat dwe fè a pa fè w mal e fè w wont anmenmtan. Moun san nen, San wont paka gen remò. Men atansyon depi w gen remò konnen ou gentan fè yon bagay ki mal yon bagay ki fè moun wont, konsa anvan ou poze yon zak toujou sonje 2 pwovèb sa a yo :" evite miyò pase mande padon e padon pa geri maleng". Eske w te konn sa? Nou sèten gen moun ki pat konn sa. Bon lajounen tout moun. PMF

Comments