
⏳💢Brase Lide 💢⏳
March 1, 2025 at 12:16 PM
Bonjou tout moun! Lizay pou nou. Men pwovèb ak mo ayisyen pou jodi a.
Pwovèb la se :"wòb swa pa vle di jipon pwòp". Pwovèb sa a yo itilize l sitou pou aprann nou sa nou wè ki parèt pwòp, ki parèt kòrèk nan je nou an ka kache pi gwo salte je pa janm wè. Se prèske menm bagay li ye ak yon lòt pwovèb: "anba moumou se dèy". Kòd vestimantè mande tout sa ki swa se aswè pou mete l sou ou. Rad swa se rad pou al nan sware, nan fèt ki ap fèt aswè. Se menm kòd vestimantè sa a ki mande pou pa mete brezo avan 4 trè nan aprèmidi e pou pa mete soulye mokasen ak vès dwat pou ale nan seremoni ofisyèl, se pito vès dwat ak solye lase. Se menm kòd vestimantè sa a ki mande pou pa mete vès mawon tou leswa. Sosyete a chaje ak règ li vle nou obsève e depi nou pa obsève yo nou parèt gwayil, makwali. Si ou pa respekte règ yo pyès moun pap di w anyen, yap sèlman pranm w pou sa w ye a. Imajine yon rad swa sou yon moun nan yon pwogram k ap fèt aswè, kibò yon jouda pral pase pou l wè jipon moun nan pa pwòp? Menm si moun ki mete jipon an ta nan yon entimite ak patnè li, patnè sa a te mèt mete loup nan je l li pap wè si jipon an sal pakse li aswè. Sèl fason pou patnè a ta wè salte sa a fòk kote yo ye a ta gen bon jan limye e salte a ta byen gwo nan yon jipon blan. Si se konsa moun ki mete jipon blan sa a ak gwo tach ladan lan ta neglijan anpil. Se ta yon moun si l poko gen doktora nan sangwen li pa two lwen. M pap janm sispann raple ke pwovèb nou yo se imaj sajès popilè a itilize pou l aprann nou kèk bagay nou dwe konnen pou n fonksyone pi byen nan vi sa a. Ladan yo nou jwenn kèk yo itilize pou lonje dwèt jouda yo sou defo nou genyen ki ka nwi relasyon n avèk lòt moun. Konsa nou bezwen non sèlman konnen pwovèb nou yo men byen konprann yo pou n ka rive korije sa n dwe korije nan konpòtman n, karaktè n pou moun nou ye jodi a pa sanble ak moun nou te ye ayè. "Wòb swa pa vle di jipon pwòp". Wòb swa sa a kapab yon aparans ki kache yon vis ( jipon pwòp), yon sekrè nou pa vle moun konnen. Wap dakò avè m :"wòb swa ak jipon pwòp" pou chak moun ka vle di yon diferan. Li enposib pou tout moun sou tè a ta gen menm pèsepsyon de bagay yo. Gen moun pou yo yon wòb swa rete sa li ye a yon wòb swa. Pèsonn pap chache leve l pou l wè sak anbal jous l al konstate jipon ki anbal la sal. Pou yon moun ki wèl konsa lap toujou konsa paske moun kap obsève a pap chache zo nan kalalou. Sa li wè a se li l konnen. Tandiske pou kèk lòt moun :" wòb swa a se yon paravan, yon rido, yon miray ki anpeche n wè pi lwen ke sa. Wap dakò avè m si gen yon bagay lèzòm rayi plis se tout sa ki règ, lwa ki anpeche yo fè kèk bagay, se tout sa ki limit ki anpeche yo satisfè kiryozite yo. Lèzòm kirye. Konsa yo pa janm renmen bagay ki anpeche yo satisfè kiryozite sa a yo genyen an. Map sonje yon fanmi moun legliz te gen yon pitit fi. Menm si se pa sèl pitit yo te genyen men se li ki te pi gran e li te gen lòt tisè ak ti frè. Nan konsepsyon n depi nou gen yon pitit fi ki pi gran nou vle nan tout bagay li sèvi lòt yo modèl. Nou toujou konsidere echèk pitit fi sa a kòm yon madichon, yon giyon ki tonbe sou fanmi an. Nou toujou kwè si premye pitit fi n ta pase mal ( sa vle di ansent nan kay la san li pa marye) tout lòt tifi nan fanmi an ap pase mal menm jan an. Konsa poun pwoteje tèt nou anba kritik sosyete a nou fè timoun nan grandi nan yon anviwonnman entèdiksyon kote li gen yon bann bagay pou l pa fè san n pa janm chita pou n bal rezon ki fè nou di l pa fè yon seri de bagay. Sa nou toujou bliye menm jan nou kirye a timoun nan kirye tou. Moun yo moun legliz, yon legliz rèd tankou talatann yi mete boraks. Yon legliz kote manman, papa ka anba sanksyon pou kondwit pitit yo ki pa bon. Yon legliz ki ka rann ou ipokrit paske ou gen yon jan pou kondwi ou pou pa parèt yon move modèl nan je lòt frè ak sè ki frekante legliz la. Depi ou se moun ki gen responsablite nan legliz ou toujou dwe mache sou 13 pou pa pile 14. Anben koup sa a te dekouvri premye pitit fi yo ansent. Yo wè lap plede vomi, yo mennen l al wè doktè. Yo fè yon pil analiz pou li e nan mitan tout tès yo yon tès gwosès. Lè rezilta a vini manman tonbe kriz, papa a mete 2 men nan tèt. Ki sa yo pral di, ki sa yo pral fè? Yo se moun ki te gen mwayen, mesye a te gen yon sè li matant tifi a ki aletranje, yo degaje yo voye tifi pati sou kouvèti l al etidye laba. Li pati anvan bagay la gaye, anvan koze a pran lari. Wòb swa a se aktivite legliz la, tout moun konnen yo se moun legliz, donk yon modèl pou tout lòt moun ki konnen yo, ki abitye wè yo; jipon sal anba wòb swa, se gwosès la papa ak manman tifi a pa vle pyès moun dekouvri, se kouri voye l pati pou koze a pa gentan pran lari. Wòb swa a ap toujou gen yon jipon sal anba l toutotan nou pa parèt moun nou ye a, toutotan se sanblan nap fè pou moun pran nou pou yon moun nou pa ye e nou pap janm ye, toutotan nou pa natirèl, toutotan nou gen yon doub pèsonalite. Se doub pèsonalite sa a ki fè nou ka toujou panse yon wòb swa kapab kache yon jipon sal pakse pou nou jipon sal la anba wòb swa nou, tout moun pral gade wòb swa a sèlman yo pap pran tan pou yo leve rad nou pou yo wè jipon n te sal. Moun pa janm konnen vrè noumenm paske nou toujou gen yon mas nan figi n e tout moun ki wè n, ki pa konn si n gen yon mas nan figi n pran figi yo wè a pou bon figi n. Konsa jou mas la tonbe nou tou fini paske vrè noumenm nan pèsonn pat konnen an se li ki pral parèt ak tout vis nou, tout lèdè n, tout sekrè nou te kache yo. Pou sa pa rive n: soyons nous-mêmes!
Mo a jodi a se "mas". Se yon mo nou sèvi pou yo idantifye yon degizman yon moun ka mete nan figi l pou l parèt swa pou yon ti bout tan swa pou toutan yon moun li pa ye vre, yon moun li pa ye anreyalite. Yo sèvi ak mas nan madigra, nan kanaval ak nan bal. Moun mete mas pou al nan bal maske. Se yon bal yo fè kote tout moun mete mas. Okenn moun ki nan bal la pa antre san mas konsa pèsonn pa konn pèsonn menm moun ki pi pre l la. Nan bal maske yon moun ka ap danse ak yon moun san li pa konn ak ki moun lap danse a. Yon moun ka rive rekonèt yon lòt moun sèlman si l pale e lòt la ka idantifye l. Mas se senbòl blòf paske wap evolye, wap aji sou yon idantite ki pa pou ou.
Eske w te konn sa?
Nou sèten gen moun ki pat konn sa. Bon lajounen tout moun. PMF