
Ric News🧾
February 28, 2025 at 01:05 PM
Se avèk anpil dlo nan je, anpil kè sere, mwen konstate ke bandi san fwa ni lwa ap simen dèy lakay moun ki sanble avè yo. Pèson pa epanye. Gran moun, jèn moun, ti bebe, Fanm, pwofesyonèl, militan, polisye, sòlda. Kout pye, kout bal, boukan dife nou wè tout kalite atwosite. Sa tris anpil!
Yo te di fòk Prezidan #jovenelmoise ale pou bagay yo chanje. Yo te di yap kraze, lè Prezidan Jovenel ale ya rekonstri.
Yo touyel!!
Yo sou pouvwa yo, pèp la menm sou jant.
Dirijan defakto yo bliye ke chak aksyon gen konsekans pal pi devan.
Nou rive nan yon moman kote nou wè yo pap pran konsyans. Yo pap fè yon depasman de tèt yo. Tankou sikopat, yo pa vle sispann tiye inosan. Menm nan lagè timoun pwoteje. Anpil san koule, TRÒP SAN koule!
Nou dwe fè tèt ansanm poun jwen yon jan pou fè yo sispann!!!!
Manman nou ap soufri. Li pa ka sipòte ankò. Anpil rèl soufrans rive nan zorèy li. Tou otan souf lavi pa koupe, nou dwe bay youn lòt lebra, pou leve kanpe pou chanje sa, menm lè sa parét enposib. Toujou sonje leson zansèt nou yo ki te kwè pa gen anyen ki enposib pou nou menm #pèpayisien. Ann goumen pou libète n, pou lapè ka retounen. Lè sa a, nou tout ap di ansanm: #ayitidebou !!!
*Martine Moïse*