Ric News🧾
Ric News🧾
March 1, 2025 at 03:13 AM
Prezidan-Konseye Emmanuel Vertilaire, responsab pwojè jistis ak sekirite piblik nan Konsèy Tranzisyon Prezidansyèl (KPT), anonse li pa patisipe nan Konsèy minis vandredi 28 fevriye a. Desizyon sa a reflete endiyasyon li, paske kòlèg li yo refize adrese seryezman ak ijans pwoblèm kalamite popilasyon ayisyen an. *Pou yon manman oblije ap transpòte kò pitit li nan bourèt*, konseye prezidan Vertilaire deplore endiferans ak diskisyon politik ki paralize KPT a. Li mande pou gen yon aksyon konsète nan lide pou soulaje detrès pèp la epi retabli lòd.

Comments