
HAITI TODAY 🆘⚠️
February 28, 2025 at 04:07 PM
#ayiti_fòmasyon: Resètifikasyon Konseye Pedagojik Gran Nò ak Gran Sid, sou Zouti "#teach_primary"
(#ansèyman_primè)
@MENFP_Education nan tèt kole ak patnè li #bank_mondyal òganize yon seri fòmasyon resètifikasyon atravè Inite Kòdinasyon Nasyonal #efacap YO (@UCEFACAPMenfp) an fransè, pou Konseye Pedagojik (#cp, an fransè) nan Gran Nò a sou zouti ki pote non "#teach_primary" an anglè. Fòmasyon sa a ki te demare jounen madi 18 fevriye a rive nan bout li jou vandredi 21 fevriye 2025 la.
Aprè seyans pou 4 premye depatman yo : Sant, Latibonit, Nò ak Nòdwès. Konseye Pedagojik ki soti nan Grand Sid ak Nòdès benefisye fòmasyon an tou soti samdi 22 pou rive lendi 24 fevriye 2025 la.
Tout #cp ki te patisipe nan sesyon fòmasyon sa a pase tès fòmasyon an avèk siksè. Seri fòmasyon sa yo vize bay #cp yo plis zouti pou kolekte done sou teren nan lekòl yo. Objektif final la, se ranfòse kapasite Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl pou pran pi bon desizyon estratejik ki kapab kontribye nan transfòmasyon edikasyon nan peyi a.
@MENFP_Education
#bank_mondiale
@UCEFACAPMenfp
#konseye_pedagojik
#dde_nò
#dde_sid
#cfef
@RTE_Menfp
📢📢📢📢📢📢📢📢📢📢📢📢
Nou ankouraje tout moun *itilize lien sa a* pou pèmèt fanmi w ak zanmi w swiv *Chanel WhatsApp* lan menm jan ak ou.
⬇️⬇️⬇️⬇️⬇️⬇️⬇️⬇️⬇️⬇️⬇️⬇️⬇️
Voici une invitation à suivre la chaîne Infos sur https://whatsapp.com/channel/0029VaDgrXEBA1ez7yzuu51W