BuzzLine. +(509) 4015-1907
BuzzLine. +(509) 4015-1907
February 26, 2025 at 11:54 PM
📰 *Bilten Enfòmasyon Lokal – 26 Fevriye 2025 (Aswè)* ⚠️ *SIKILASYON & SEKIRITE* 🔸 *Nan Delmas 19* Bandit yo bloke kèk aks ak machin rale yo nan zòn Delmas 19. Yo Bloke nan rantre bò Haytrac pou ale bò Révélation Disco, ki mennen nan Delmas 17 ak 29. Yon fason pou blende pa rantre. Nan kafou Ayopo, yo te rapòte kout zam, men pa gen dega bò Leonard monte Ruelle Janvier. 🔸 **Apèl pou pa abandone zòn yo* Fè atansyon ak estrateji kote bandi voye moun (toutè) pou simaye panik epi fòse moun kite zòn yo. Evite abandone zòn san estrateji paske si yo boule li, lap difisil poun retounen. 📌 Plis detay: https://whatsapp.com/channel/0029VaxHTUdIiRomUXkSAg1o 🔸 *Rezistans nan Métrivier* KAZO, yon chèf brigad Bwa Kalé, kontinye reziste kont atak bandi yo. Avant-ye, yo te atake yon polisye nan Petyonvil, li blese grav. 📌 Plis detay a vini selon disponiblite enfòmasyon. 📢 *REKÒMANDASYON* Evite panik ak enfòmasyon ki pa verifye. Kenbe kontak ak otorite yo pou estrateji sekirite. Moun ki nan zòn Delmas 19, 17, 29, ak kafou Ayopo fè pridan epi swiv mizajou yo. Nou ap kontinye swiv devlopman sitiyasyon an.

Comments