BuzzLine. +(509) 4015-1907
BuzzLine. +(509) 4015-1907
February 27, 2025 at 03:54 AM
🔴 *Atansyon sou fo enfòmasyon!* Yon videyo kap sikile sou TikTok, sou stati kèk moun ak rezo sosyal yo ap fè kwè gen yon evènman nan Delmas 30, videyo pwopagan ki ap sikile kote yo konte TikTok ki rele @djun19 kite yo montre yo pwal Delmas 30, videyo sa kreye gwo panik, paske gen pwòch mw ki voye l ban mwen. Nou te deside fè rechèch sou li, aprè rechèch nou, nou konfime videyo sa soti nan peyi Gana, kote yon mache rele Kantamanto te pran dife. Aprè yon rechèch imaj envèse nou fè sou vidéo nou jwenn plizye kont Instagram ak Facebook ki pataje l tankou kont sila: Samuel Togba - JOURNALISTE SANS FRONTIÈRES 2 janv. • 10:07 "Un incendie dévastateur a frappé le Kantamanto d'Accra Marché aujourd'hui, détruisant plus de 100 magasins et déplaçant d'innombrables commerçants. Malgré les efforts du service de Feu national du Ghana, le marché a brûlé sévèrement." Men lyen videyo a: https://www.facebook.com/nyantee.togba/videos/473011378863312/?mibextid=rS40aB7S9Ucbxw6v ⚠️ Se yon videyo ke mesye gang teworis malnome "*viv ansanm*" yo itilize pou fè batay enfòmasyonel ak kreye panik nan pèp la. Mesaj sa a se yon estrateji dezinformasyon ke kèk moun ap itilize pou simen laperèz. Evite pataje li san verifye, epi avèti lòt moun pou yo pa tonbe nan pyèj la. Men lyen videyo orijinal la: https://whatsapp.com/channel/0029VaxHTUdIiRomUXkSAg1o/4264 ✔️ *Ki sa ou ka fè?* 🟡 Pa pataje videyo a san w pa verifye li. 🔵 Rele sous serye pou w konfime enfòmasyon. 🔵 Fè lòt moun konnen se fo enfòmasyon. 🛑 _Sa gen enpòtans lè nou fè rechèch ak vigilans kont pwopagann, k'ap ede nou konbat pwopagan ak fo Nouvèl._ ✅

Comments