BuzzLine. +(509) 4015-1907
BuzzLine. +(509) 4015-1907
February 27, 2025 at 01:38 PM
📰 *Bilten Enfòmasyon Lokal – 27 Fevriye 2025* 🔴 *SIKILASYON & SEKIRITE* 🔸 *Kout zam nan Frères* *6h40 AM:* Plizyè detònasyon tande nan *bas wout Frères.* *Rezon yo poko klè.* Otorite yo poko bay okenn detay sou sa ki te pase. 🔸 *Lopital misyon katolik Misão Belém fèmen nan warf Jérémie* *Bandi yo fòse lopital la fèmen yè swa.* *Yo fè Tout malad ki te entène ale lakay yo,* epi doktè yo te kouri kite espas la tou. Sitiyasyon an toujou san klarifikasyon sou sa k ap fèt pou reouvri li. 🌍 *DOSYE ENTÈNASYONAL* 🔸 *Palmantè ameriken kont desizyon Trump sou TPS Ayiti* Yon gwoup *10 depite ameriken,* pami yo *Sheila Cherfilus-McCormick,* voye yon lèt bay *Prezidan Donald Trump ak DHS.* Yo mande anile desizyon ki mete fen nan TPS pou Ayiti, paske yo estime li *menase sekirite ak byennèt Ayisyen ki viv Ozetazini.* 📌 Plis detay sou dosye a: LSV 🔸 *Trump anonse "Carte Dorée" pou 5 milyon dola* Prezidan Trump deklare *Etazini pral vann tit rezidans "Carte Dorée"* pou *5 milyon dola.* 📌 Li plis: Passion Infos Plus ⚖️ *JUSTICE & KORIPSYON* 🔸 *Koripsyon nan CPT: RNDDH kritik lajistis ayisyèn* *RNDDH estime* Kou Dapèl te rate yon opòtinite pou rebay lajistis ayisyèn kredibilite nan dosye *koripsyon nan CPT.* 📌 Plis detay: Passion Infos Plus Nou ap kontinye swiv devlopman nouvèl sa yo. *Rete konekte pou plis mizajou!*

Comments