BuzzLine. +(509) 4015-1907
BuzzLine. +(509) 4015-1907
February 27, 2025 at 01:54 PM
tèks sa nou resevwa nan jounal annliy News info Haïti, ke li rekòlte de yon sitwayen kirele Enock Sajous, nou li l nou wè l sanble ak refleksyon moun kap chache solisyon pou peyi a menm jan ak nou , nou prezante gran piblik la tèks la pou w bay aviw. _Kriz politik ak sekirite a rive nan yon nivo kritik ann Ayiti. Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon (KPT) ak gouvènman an pa kapab jere sitiyasyon an. Gwoup gang yo kontwole yon gwo pati nan kapital la, epi administrasyon piblik la paralize. Popilasyon an bouke ak anachi a, li mande yon entèvansyon radikal._ *Faz 1 : Kòdinasyon ant FADH ak PNH* _Devan inaksyon KPT a, yon gwoup pami wo grade Fòs Lame Ayiti (FADH) ak Polis Nasyonal dAyiti (PNH) dwe aji. Yo dwe mete sou pye yon plan pou ranvèse gouvènman an epi mete Pòtoprens anba Eta Syèj._ *Faz 2 : Kontwòl enstitisyon estratejik yo* - _Operasyon sible : Fòs espesyal PNH ak inite elit FADH yo dwe pran kontwòl Palè Nasyonal, Vila dakèy, Primati ak medya Leta yo (RNH ak TNH)._ - _Arestasyon otorite sivil yo : Fòs espesyal sila yo dwe swa arete, swa mete an rezidans siveye manm KPT ak gouvènman._ *Faz 3 : Deklarasyon Eta Syèj* - _Kreyasyon yon nouvo konsèy : Yon kominike ofisyèl dwe anonse disolisyon KPT epi kreyasyon yon Konsèy Militè Tranzisyon (KMT) FADH ak PNH ap dirije._ - _Kouvrefe jeneral : Tout deplasman dwe entèdi apre yon lè fikse._ - _Deplwaman militè : Lame ak polis la dwe okipe zòn estratejik yo pou dezame gwoup gang yo epi reprann kontwòl zòn wouj yo._ *Faz 4 : Reyòganizasyon Leta a* - _Represyon kont gang yo : Operasyon militè dwe lanse kont tout gwoup ame ki refize rann tèt yo._ - _Retablisman lòd piblik : Konsèy Militè a dwe sispann Konstitisyon an epi mete yon gouvènman pwovizwa, pandan l dwe pwomèt pou prepare yon tranzisyon politik._ - _Sipò entènasyonal : KMT a dwe chèche jistifye aksyon l devan kominote entènasyonal la, li dwe di li la pou retabli sekirite epi prepare eleksyon._

Comments