BuzzLine. +(509) 4015-1907
BuzzLine. +(509) 4015-1907
February 28, 2025 at 03:29 PM
📰 *Bilten Enfòmasyon Lokal – 28 Fevriye 2025* Bonjou ak tout followers nou yo men yon ti kout bilten enfòmasyon BuzzLine pote pou ou. 🔴 *SIKILASYON & SEKIRITE* 🔸 Tire entansif touprè Wout Aewopò 8h58 AM: Plizyè kout zam ap tire nan zòn Wout Aewopò ak anviwon. Tansyon sitiyasyon an toujou wo, otorite yo poko bay detay sou sa k ap pase. 🔸 Enspektè Vladimir Paraison blese pa bal Enspektè Vladimir Paraison blese pa bal nan Chanmas. Primati a ak CPT reyaji sou sa, men poko gen anpil detay sou eta sante li. 📌 Li plis: Passion Infos Plus ⛪ *RELIJYON* 🔸 Aktivite relijye sispann nan Legliz Sen Jera Responsab legliz la anonse tout aktivite relijye kanpe depi aswè 27 fevriye a. Yo poko bay plis detay sou rezon desizyon sa a. 📖 *KILTI & OMAJ* 🔸 Antèman ekriven Frankétienne Frankétienne, gran ekriven ayisyen an, ki mouri 20 fevriye 2025, jwenn dènye omaj li jodi a. Prezidan CPT (Leslie Voltaire) ak Premye Minis (Alix Didier) prezan nan fineray li, ki fèt nan Legliz Sen Pyè, Petyonvil. Nou ap kontinye swiv devlopman nouvèl sa yo. Rete konekte pou plis mizajou!

Comments