BuzzLine. +(509) 4015-1907
BuzzLine. +(509) 4015-1907
February 28, 2025 at 03:51 PM
📰 *Mizajou 10:45 AM* 🔴 *SEKIRITE & VYOLANS NAN DELMAS 19* 🔸 *Bandi mal nome viv ansanm yo tann yon pèlen pou yon komèsan* Nan Delmas 19, yon komèsan ki gen yon depo kola tonbe nan yon pyej bandi. Yo mande li poul vini vann 50 kès kola, lè li rive, yo sezi kle a epi mete dife nan depo a. Komèsan an pa sibi atak fizik, men li pèdi tout stock li yo. 🔸 *Dife ak atak sou machin* Bandi yo mete dife sou plizyè machin nan zòn nan depi yè swa. 🔹 Sitiyasyon an toujou tèrib nan Delmas 19. yo konseyè tout moun rete vijilan epi evite zòn ki gen risk yo. Nou ap kontinye swiv evolisyon sitiyasyon an. Rete branche pou plis detay!

Comments