BuzzLine. +(509) 4015-1907
BuzzLine. +(509) 4015-1907
February 28, 2025 at 07:38 PM
📰 *Bilten Enfòmasyon Lokal – 28 Fevriye 2025 (Mizajou 2:15 PM)* 🔴 *SEKIRITE & TANSYON NAN PÒTOPRENS* 🔸 *Delmas* *01:08 Boukan flanm:* Nan wout Delmas, bò Delimart, yo mete kawotchou anflame nan lari a. Bandi yo kontinye fè presyon sou Delmas 19, kèk moun ki te bloke lakay yo rive sove. Lapolis te reponn prese prese, men nou poko konnen si gen lòt moun ki toujou bloke. 🔸 *Champ de Mars* Echanj kout zam kontinye nan zòn nan depi maten. Nou konseye Moun yo pou yo evite wout sa yo. 🔸 *Deplasman refijye* Moun ki te nan kan Lise Jèn Fi yo ap deplase pou yon lòt kote. 📌 *EDIKASYON & EFÈ SOU TIMOUN* Dapre UNICEF, plis pase yon demi-milyon timoun pa ka ale lekòl akoz vyolans gang yo. 📎 Li plis: Planet Press 🌍 *ENTÈNASYONAL* Donald Trump menase Volodymyr Zelensky: _«Ou pa an pozisyon pou di nou sa pou nou fè »,_ dapre ansyen Prezidan Ameriken an. Elon Musk deklare: _« Zelensky pèdi respè pèp ameriken an »._ 🔹 Nou ap kontinye swiv evolisyon sitiyasyon an. Rete vijilan epi evite zòn danjere yo.

Comments