
BuzzLine. +(509) 4015-1907
March 1, 2025 at 03:10 AM
📰 *Bilten Enfòmasyon Lokal – 28 Fevriye 2025 (Mizajou 7:00 PM)*
🔴 *SEKIRITE & SITUASYON TENSYON NAN PÒTOPRENS*
🔸 *Atak ak dife sou kay popilasyon an*
Bandi "Viv Ansanm" kontinye mete dife sou kay moun nan Kafou 3 Kibay, Mòn Dédé, Ravine Pintade ak Ruelle Vayan.
Daprè temwayaj, bandi yo kraze kay ak mato epi mete dife.
Yo di Kirikou, yon ansyen vòlè nan zòn nan, se moun k ap bay bandi yo chemen pou atak zòn ravin pentad. Men sa yo rapòte sou rezo a:
" *_Jis kounya kay ap boule nan ravin pentad Youn nan neg ki koz tout bagay sa se yon endividi ki rele kirikou ki te konn ap vòlè bagay moun nan zòn nan yon polisye te ale pou touye l popilasyon an di se ti moun zòn ebyen se li ki ap bay kontwòl andan konsa e avan l voye kraze zòn lan li fè tout fanmi l deplase andan se jis pou m di nou" si pa gen sitirè pa gen vòlè.*
🔸 *Nouvo estrateji trafik zam*
Bandi yo chanje metòd pou transpòte zam ak minisyon akoz pekiy sou bis ak kamyonèt.
Yo kache zam yo anba sab ak gravye nan kamyon. Popilasyon an dwe veye kamyon sa yo.
Men sa nou jwenn sou rezo yo:
*_Lot nouvo taktik viv ansanm, akoz bus yap fouye ak camionnette, neg yo pa pran risque fe transpò minisyon ladan yo anko. Bientot nap gen poun tande chofè kamyon oswa kanntè ap plenyen sou sa, neg yo ap mete zam ak minisyon byen plastifye anba zam nan, paske yo knnen si yo metel konsa lap vinn pwoblem pou zam lan_*
*_VEYE KAMYON SABLE YO SE JIS YON KONSEY KI SOTI DE YON SITUATION RÉELLE/SE BANDITS KONN TAKTIK LAPOLIS AK POPILASYON AN. POPILASYON AN DWE KONN TAKTIK PA YO TOU LE YO VINI AK YOU_*
🌍 *ENTERNASYONAL*
Administrasyon Trump redui prezans USAID nan Ikrèn soti 64 anplwaye pou rive 8. (NBC News)
Crise en Haïti: Konsèy Prezidansyèl la an dezakò – Emmanuel Vertilaire boykote Konsèy Minis la. 📎 Li plis: Info Fiable
🔹 _Nou ap kontinye swiv evolisyon sitiyasyon an. Evite zòn danjere yo epi rete vijilan._