
BuzzLine. +(509) 4015-1907
March 1, 2025 at 04:41 PM
📰 *Bilten Enfòmasyon Lokal – 1 Mas 2025 (Mizajou 11:00 AM)*
🔴 *SEKIRITE & SITUASYON TENSYON*
🔸 *Delmas 30 ak Delmas 19 toujou anba gwo vyolans*
*Delmas 30: Gwo dife kontinye ap boule nan zòn nan.*
*Delmas 19: Kout zam kontinye ap chante. Plizyè fanmi oblije dòmi nan lari.*
📸 _Jean Feguens Regala / @medyalaria_
🔗 Gade imaj yo sou Instagram: https://www.instagram.com/p/DGpA4WSOJkF/?igsh=MTRsMWQyZDZhdnViMA==
🔸 *Gwo echanj kout zam nan Mowo Lyankou*
*Bandi ak lapolis nan konfwontasyon depi maten.*
Plizyè moun dezam bloke, machin ki t ap monte desann oblije kanpe.
🔸 *CPT anonse plan pou reprann teritwa*
Aprè yon CSPN san Rameau Normil, Konsèy Prezidansyèl la di l ap travay sou rekiperasyon kèk zòn anba men gang yo.
🌍 *ENTERNASYONAL*
Ozetazini: Yon ayisyen ki te antre sou "Pwogram Biden" arete pou twa asasina.
*Emmanuel Vertilaire distanse l de CPT a*
Li kritike Konsèy Prezidansyèl la ki, daprè li, pa okipe veritab pwoblèm popilasyon an.
🔹 Nou ap kontinye swiv evolisyon sitiyasyon an. Evite zòn danjere yo epi rete vijilan.