L'Etendard
L'Etendard
February 28, 2025 at 06:35 PM
📌 Tatie Mendel, Parolla, Belle-Enfant, Trapalman ak Commandant… se non 5 TikTokè Ayisyen sa yo ki parèt nan rapò trimèstriyèl Konsèy Sekirite Nasyonzini sou dwòg ak krim an Ayiti,🇭🇹ki pote dat 6 fevriye 2025. Nan rapò 26 paj sa a, Nasyonzini di selon enfòmasyon ki soti nan Laprès, Chèf gang Gran Ravin nan, Renel Destina alyas « Ti Lapli », ta konn voye kado bay enfliyansè sa yo pandan yap fè LIVE sou TikTok. « Modèl tranzaksyon sa yo sou reso sosyal, merite pou gen envestigasyon ki fèt sou yo », se sa ONU ekri. Konsèy sekirite nasyonzini an di nan rapò a, gang kriminèl yo ap opere nan tout enpinite sou rezo sosyal yo, paske gouvènman Ayisyen an poko janm vini ak yon lwa klè, oubyen yon politik sou sibè-kriminalite, ki pou reglemante kesyon sa a, epi aplike sanksyon sizoka gen dezòd kap fèt | United Nations.

Comments