
La Présidence Haiti
February 6, 2025 at 11:17 PM
Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) Ekselans Leslie Voltaire, ansanm ak Premye minis Alix Didier Fils-Aimé, Direktè Jeneral Polis la Normil Rameau, Responsab Misyon miltinasyonal (MSS) la Godfrey Otunge, kèk Anbasadè ki akredite nan peyi a ak lòt pèsonalite enpòtan ankò, te akeyi, jounen jedi 6 fevriye 2025 lan, nan ayewopò entènasyonal Toussaint Louverture, anviwon 200 polisye ki reprezante 4e kontenjan ki soti nan peyi Kenya pou vin ede Ayiti nan kesyon sekirite a.
Ekselans Leslie Voltaire te pran lapawòl nan okazyon sila a pou swete polisye kenyan yo byenvini epi remèsye yo pou sakrifis yo fè pou vin ede Ayiti. Li di li fyè de yo epi li konte sou jefò yo pral fè nan jan y ap ede fòs lòd Ayiti yo goumen kont bandi ak zam.
Premye minis Alix Didier Fils-Aimé te swete Kenyan yo byenvini tou epi renouvle volonte Leta a genyen pou travay pou pwoblèm ensekirite a fini. Chèf gouvènman an fè konnen otorite yo ap travay men nan men ak Misyon miltinasyonal la pou rive pasifye peyi a.
N ap raple nan menm moman arive polisye yo, yon lòt avyon ki pote diferan materyèl Misyon miltinasyonal la bezwen pou byen travay, te ateri sou tamak ayewopò a.
😢
1