La Présidence Haiti
La Présidence Haiti
February 10, 2025 at 05:35 PM
Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) Ekselans Leslie Voltaire akonpaye ak Direktè Jeneral Polis nasyonal la Rameau Normil epi chèf Misyon miltinasyonal la Godfrey Otunge, resevwa jounen lendi 10 fevriye 2025 divès materyèl nan men anbasadè ameriken ki akredite nan peyi a Dennis B. Hankins. Don materyèl sila yo fèt nan lokal Direksyon Jeneral Polis la. Nan okazyon an, Prezidan KPT an Ekselans Leslie Voltaire remèsye gouvènman ameriken an pou don materyèl sa yo ki pral ede fòs lòd yo nan batay kont nèg ak zam yo nan peyi a. Pami materyèl sa yo, gen 9 machin, divès kamyon ak Bouldozè. Yo vini ranfòse kapasite PNH la nan batay k ap mennen pou retabli lapè ak sekirite nan peyi a.
👍 1

Comments