
La Présidence Haiti
February 25, 2025 at 03:41 AM
Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an remet jodi 24 fevriye 2025 la bay diferan delege ak vis delege depatman peyi a arete ki nonmen yo nan pos sa. Yon seremoni te dewoule nan Viladakèy la an prezans sekretè jeneral palè nasyonal la Marie Elisabeth Régine Joseph Haddad, premye minis la Alix Didier Fils Aimé ak plizyè manm nan gouvènman an, Sekretè deta ak Kominikasyon an Bendgy Tilias.
Prezidan KPT an, Ekselans Leslie Voltaire nan diskoul pou sikonstans lan raple nouvo delege ak vis delege yo enpòtans travay yap gen pou akonpli pandan pasaj yo nan pòs sa. Toutfwa li egzòte yo pou travay ak entegrite, lonè, kouraj ak detèminasyon.
Nap raple nan nouvo delege ak vis delege yo gen plizyè jèn fanm ak jèn gason. Sa ki pwouve a klè volonte KPT a pou travay ak jèn yo pou mete peyi a sou ray devlopman.
🔗 https://www.facebook.com/share/p/1A927Aw4sh/