
Radio Télévision Éducative (RTE_MENFP)
February 11, 2025 at 05:28 PM
Edikasyon/Nouvèl matyè/Elaborasyon modil
MENFP ap travay pou pwodui yon Modil fòmasyon sou « Edikasyon sou sitwayènte »
11 fevriye 2025
Rive pwodui yon Modil fòmasyon pou anseyan epi ranfòse Fich pedagojik pou elèv ak Gid anseyan, yon seri zouti enpòtan pou ansèyman matyè ki rele Edikasyon sou sitwayènte an, se objektif fondamantal yon atelye ministè Edikasyon nasyonal ak Fòmasyon pwofesyonèl ap òganize nan Petyonvil. Aktivite sa a ki mobilize yon trantèn teknisyen ministè a benefisye apui teknik UNESCO ak apui finansye PROGETTOMONDO - nan kad pwojè « Jèn yo la » -, ap dewoule soti lendi 10 pou rive 14 fevrye epi soti 17 pou rive 19 fevriye 2025 lan.
Minis Edikasyon nasyonal ak Fòmasyon pwofesyonèl la, Augustin Antoine, ki te louvri atelye travay sa a, pa t manke atire atansyon patisipan yo sou enpòtans kat nouvèl matyè yo ki entegre pwogram twazyèm sik lekòl fondamantal la. Premye responsab MENFP a te pran tan l ak san l pou l te montre youn apre lòt enpòtans chak disiplin sa yo genyen nan preparasyon nouvo sitwayen ayisyen ministè a swete a, nan kèk ane ankò.
« Kat nouvèl matyè yo – Edikasyon sou teknoloji ak aktivite pwodiksyon, Edikaksyon estetik ak atistik, Edikasyon fizik ak espò, Edikasyon sou sitwayènte -, enpòtan anpil nan ansèyman fondamantal la k ap prepare timoun pou antre nan segondè. Edikasyon sou sitwayènte ak Edikasyon sou teknoloji ak aktivite pwodiksyon, se 2 manman koze nan chanjman sa a ki fèt nan kourikoulòm nan. Modil ki gen pou wè ak zafè teknoloji a enpòtan anpil pou peyi a. Nou nan tan entèlijans atifisyèl. Dyagnostik yo montre lekòl nou an twò teyorik, twò abstrè. Li bezwen antre nan yon demach pi pwatik. Kidonk, kesyon teknoloji a vital pou Ayiti », se sa minis Augustin Antoine te deklare nan lansman aktivite sa a ki reyini tou kèk ekspè nan kesyon an.
Pou l fini, minis Antoine - ki di l ap tann rezilta tanjib demach sa a ki se fè kat matyè sa yo rive anseye tout bon vre nan sal klas yo -, rete kwè yon disiplin tankou Edikasyon sou sitwayènte ka rive konbat kriz sitwayènte nou genyen nan peyi a. « Nou dwe aprann jèn yo, ki se avni peyi a, vini bon sitwayen. Pou sa, lekòl la dwe jwe yon wòl enpòtan », se konsa nimewo En MENFP a te boukle entèvansyon li an.( Li rès tèks la) https://www.facebook.com/share/p/154E8hjZav/