VWA ZILE NEWS
VWA ZILE NEWS
February 28, 2025 at 04:59 PM
VWAZILÈ MÉDIA Leta Ayisyen Anba Menas: Palè ak Lame nan Vizè Gang yo Editoryal Revelasyon grav parèt konsènan sekirite Palè Nasyonal apre ke enspektè Vladimir Paraison, responsab sekirite a, parèt nan kèt foto jounalis poul di li viktim yon tantativ asasina. Blese nan zòtèy, li konfime ke gang yo te sible li espesifikman. Pi enkyetan toujou, gen rapò sou "kolaboratè entèn" ki planifye livre Palè a bay gang yo nan jou k ap vini yo. Menm lè a, bandi yo ap entansifye atak yo kont lame ayisyen an, sèl enstitisyon leta ki montre yon volonte reyèl pou konbat ensèkirite k ap ravaje peyi a. Sous anketè nou yo rapòte'n ke gang yo sible espas lame yo ak entansyon klè: ki se netralize dènye fòs ki kapab opoze rezistans kont dominasyon yo Men lame a rete "nanchannmas", livre poukòl san ekipman apwopriye pou defann ni pwòp baz li yo, ni tèritwa nasyonal la. Selon kèk sous enteryè ki byen plase, di nou ke: presyon anbasad etranje Yo anpeche lame a resevwa sipò materyèl nesesè pou li fonksyone. Yo menm konn rive fè lapolis sezi kèk materyèl lame a konn kòmande ak fabrike pou yo fonksyone. Sak pase enspektè a sanble ak yon kout teyat Estratejik pou favorize gang ame yo rantre nan palè nasyonal, kou sa parèt klè: ak objektif pou elimine lame a kòm advèsè, pou fasilite priz kontwòl total sou aparèy leta a, kòmanse ak Palè Nasyonal. VWAZILÈ MÉDIA ap kontinye suiv sitiyasyon an. https://www.facebook.com/61568742867047/posts/pfbid02RFANh1DPBWaPKfEMSDomj5wyXTv1kvyT4Qzx2yid7ytfPTtQfi3fzoPubcRfw1Cgl/

Comments