
A.M.D FLASH INFOS PLUS 🎤🎥📸
February 25, 2025 at 10:59 PM
📌Se ka pou anba lavil, Delma 30, divès zòn nan Taba, kote nèg ak zam yo fè atak sa yo nan lannwit lendi 23 pou rive madi 24 fevriye 2025 lan. Selon plizyè sitwayen, se yon seri atak sipriz bandi yo fè nan lokalite sa yo. Nan Delma 30 pa egzanp, enfòmasyon yo revele, gen plizyè manm nan popilasyon an ki mouri ak bal. Nan divès videyo medya an liy ki sou plas yo pibliye, ou ka wè yon kadav nan yon bourèt, yon sitwayen ap pouse. Paralèlman, anpil rezidan nan zòn sa a deja kouri kite l, pou yo pa viktim anba men gang kriminèl yo. Pandan tan sa a, bandi yo kontinye entansifye atak yo nan zòn tankou Fort-National, Nazon, Carrefour-Feuilles, Kenscoff, Gressier… | Passion Info Plus, Métropole Haiti
❤️
1