
ALAMOD FLASH INFOS PLUS 🎤🎥📸
March 1, 2025 at 01:10 PM
📌Lapolis arete, nan dat 21 fevriye 2025 lan, Mackendy Darbouze ki gen 26 lane, aprè li te fin touye a kout kouto, 3 manm nan fanmi l. Moun Mackendy touye yo se : Beatrice Desir, 77 lane, yon jèn fi 13 lane ak yon timoun 4 lane. Otorite lokal yo rapòte, malgre Mackendy te gen san nan men l, sou pantalon l, sou vizaj li, li salye polisye yo nan pòt la lè lap soti. Rapò lapolis la fè konnen, te gen 3 lòt timoun nan kay la, nan moman jèn gason sa a tap touye moun yo a kouto a. Mackendy ki akize ofisyèlman pou 3 moun li touye yo, twouve l aktyèlman nan yon sant detansyon | Fox News