
🍒•𝐀𝐏𝐏𝐑𝐄𝐍𝐃𝐑𝐄•🍒💝📖
June 5, 2025 at 04:09 PM
Écrit par:*Noël Doudeline Louvendie*
Padanl kanpe deyò a ap Tann li Valentina te sot achte yon bagay li wèl li kanpe ap pale avèl menm moman an Valencia ap soti vin jwenn Bruno .
Valencia etone lel wè moun yo ap pale : intuition 'm patap banm manti mwen te gentan konnen nap kouche ansanm Valentina à nous deux ma belle denye moun mwen wap pran.
Valencia ap vanse byen move.
Michael ale kote Sofia: wap toujou ret bòn,,mwen map toujou rele Michael L'amour.
Sofia: sak L'amour an tchuipssss.
Michael : saw pap janm ye an( li vire) map fè viw tounen lanfè isi an.
Valencia ta pwal kenbe Valentina poul soukel,,li fè yon lot ide,,li pap kitel pansel sispèk.
Valencia proche depi lè Bruno wèl la li dekontwole: mwen pa raple'm te fèw fè konesans non papi( li bo'l).
Bruno wè se Valencia paskel abiye pou lal travay: dezole manmie pat menm rann kont si epa te wou.
Valencia pwan menl : mwen ap en retard bb.
Bruno ouvri pou li,,li gad Valentina nan zye: koman map fè diferansye yo Jezi.
Valencia fache.
Valentina tchuipe : makak la pat ka tann toujou tchuipssss.
Leo te nan machin prèske rive téléphone li sone: Bonjour.
Nachoo: Bonjour papi.
Leo woule zye'l : sam pat vle an rive,,komanw fè gen li la chérie doudou.
Nachoo sourire : wow chérie doudou,,mwen renmenw anpil wi papi,,mwen genyenl paske'm chache.
Leo: ou entèlijan anpil men Nachoo poukisa wap fè tout sa,,nou te klè sou tout bagay pagen damou.
Nachoo: menw ka al damou yon lot,,mwen kitap ouvri pyem bay u an sam ye.
Leo: mwen respekte sa et mwen respekte'w anpil men fok ou konpwann mwen,,konpwann ke mwen renmen yon lot svp.
Nachoo : lèm mouri map konpwann ( li rakwoche) nèg mwen bay tout posisyon an,fèm chire djòl bobot mwen bay li kounya li vle yon lot,,map wè sa.
Valencia : pagen oken esplikasyon wap banm.
Bruno: chérie ou panse janw sanble sèw la moun ka fè diferans lan,,mwen renmenw mwen pwal bay ou kèk abitude pou si sèw ta anvi prochem.
Valencia twazel : sal tap diw la.
Bruno: te panse c wou manmie bliye sa beb.
Valencia : wa fèm bliye'l ( li boude).
Bruno se byen mwen te two byen mal deyè pwoblèm met nan kòm.
Nan 20 minute Leo te rive li pote Andoo met nan machin lan.
Violanda : manmie ap pase pwanw bonè jodya.
Andoo: et papi.
Violanda gad Leo.
Leo: papi ap vin wèw chérie.
Andoo: pou mal bwè krèm.
Violanda : non chérie.
Alexandra bay Daniella kob li tou soti al fin planifye afèl,,Asha ap tann li tou.
Hillary : epa mesye an poko rele toujou.
Kemisha ap parèt : ak ki mesye nou gen randevou sa la.
Kiara gad Hillary : ak pèson.
Hillary : koze nou nap pale matant.
Kemisha: nou gentan fin prepare manje pou Mesyedam yo.
Kiara : wii.
Hillary vire: fok Bondye retirem anba djòl nou kanmenm.
Kemisha ap fè peste ak Kiara.
Merline ap kondwi pou antrepriz fanmiy Cooper.
Nathalie : mwen aprann 2 sa map vin ayiti.
Merline : ou panse mariw ap vle.
Nathalie : mwen granmoun wi Merline,,gason pala pou komande'm.
Merline : mwen deja prèske rive.
Nathalie : moun ou jwenn lan pale avèl pa kitel panse anyen.
Merline : map eseye fi lèm tounen.
Nathalie : ok.
Merline rakwoche li fè yon visyon.
Alexandra : map edel gen yon gran antrepriz lap gen lajan pase yo tout.
Merline: woy ou près pou'w kanpe avèl.
Alexandra : saw te konpwann mwen renmen Dany anpil tout sam gen se pou li,,malgre Bildade pa lèd menm pagon kout san pou li.
Merline : pitow te pwan Bildade Dany two vagabond.
Alexandra pwan afèl : vagabond an ap chanje an gwo tit yon jou,,lap yon Cooper kap fè bri tout kote nan mond lan( li vire).
Merline tchuipe li leve swiv li.
Merline tou soti nan visyon an lap gade antrepriz la.
Leo te fin depoze Andoo : sak fè wap pase pwanl bonè la.
Violanda : map soti.
Leo vire gade'l : epi kounya mwen konnen chérie.
Violanda : te bliye diw sa avanm te ale ou tap konnen.
Leo pa kontan: et sim diw pa pwale wap Tann mwen.
Violanda : ou pa konn sam pwal fè ou paka dim sa.
Leo: kisa wap fè sim diw non.
Violanda silans.
Leo: eskuzem pansew tap di yon bagay.
Violanda pa reponn se pou'l te fèl fache kifel di Andoo sa.
Sofia pote pla fri bay Micka : me li madame.
Micka pwanl : merci doudou.
Sofia riiiiiire : ok doudou.
Micka sourire : pa okipe Michael ki yon enfant gate tande.
Sofia: li maledve twop li pap di svp.
Micka: ahh pa okipel papa'm ap jerel tou.
Sofia sourire li soti.
Valencia rive li pwal desann.
Bruno: jwèt timoun sa kanpe'l siw dim sèw jalouz,,se wou pouki met fanm sou wou pou'w goumen pou saw vle,,menm lè se jumelle ou menm pa renmenl ( li touche visaj li) se wou'm renmen mon amour ( li bo'l) bonne journée manmie.
Valencia santil rassure li bo Bruno li desann.
Bruno : konsèy mom ap enpotan fok mwen relel pita sinon map fou( li deplase).
Leo ap antre ansanm Violanda men nan men,,gen ti pale kap fèt,,Hanson al nan biwo li.
Gracieuse : Bonjour Mesyedam,,Mr Leo gen yon dam kap tann ou.
Leo: kotel ye?
Gracieuse : pi devan wal wèl chita.
Leo: merci( gad Violanda) ou pwal nan biwo ou manmie.
Violanda : wi cheri.
Leo fè direksyon biwo an avèl li antre avèl pandan lap bo'l : sim te bow devan moun yo genlè ou tap pipi.
Violanda sourire : moun yo pwal dim pa bon moun rapid konsa.
Leo bo'l : I love you.
Violanda sourire : love you papi.
Leo bo'l ankò li tou soti.
Violanda chita lap sourire : pou konbyen tan Senyè ? pou kilè ? janm santim byen la ou kwè'l pou toutan.
Ronald : ou bay university an vag Valentina.
Valentina : non papa graduation pwal gen pu lot étudiants yo.
Ronald : ok gran fanm.
Valentina antre al fouye : poko gon goud banm gad si Cia pagen.
Leo wè se Merline li salyel yo antre Nan biwo an.
Leo: ou ka Chita.
Merline : merci,biwo ou bel et santi bon.
Leo: merci ou kapab pale.
Merline: se papaw mwen te bezwen malerezman ki di se avèw map jwenn rezon an se paske'm bezwen yon investisseur.
Leo: men mariw se youn pouki se la ou vini.
Merline : mwen pa vle mari'm mwen prefere nou.
Leo: pou'm sensè avèw malgre mwen pa konn poukisaw bezwenl,,men kounya li pap posib.
Merline pa kontan ; ok merci( li kanpe) repanse bagay yo Mr Cooper,,se te yon plezi).
Leo: plezi an pataje Mme L'amour.
Merline santil fache plis li vire ale.
Leo tou rele papal.
Hillary : epa mesye sa pa rele.
Kiara: tann non tifi mesye an ka al travay jis pita nou ka jwenn li.
Hillary: s'il ta mande sa nou vle map di anyen.
Kiara kale zye'l : egare kotew konn wè chans bay 2 fwa,,map dil kisam vle ou pa janm konnen.
Hillary : tout saw vle Seur'anm.
Kiara: wi ann silans.
Medam yo tou silans.
Valencia bay Michael kèk papye,,nou konn se li kap travay.
Michael : dosye Jayson tap travay sou li yo kite yo pou li.
Valencia : men mesye ou dwe gade yo.
Michael : kreyol ou pa konpwann.
Valencia etone: se wou'k pa konn kisa wap di,,komanw fè vin travay ou paka trete nenpot dosye epiw angran konsa.
Michael fache: saw konnen ti salope.
Valencia pla: frekan mwen tap manmanw.
Michael kenbe visaj li ,li leve sou chèz la pou'l pwan Valencia : pwal fèw peye kalot sa.
Valencia retire talon an nan pyel: map tann ou papa salope.
Leo tap pale ak Dany.
Leo: mwen refize'l depi sou palel li paka fè yon bon investisseur.
Dany: degajew fiston tout saw fè bon.
Leo: ou pa fache.
Dany: fè respect ou non Leo,,janm renmen lapè.
Leo riiiiiire : male papa lèm antre.
Dany: banm tou bloke madanm lan.
Michael ta pwal met men nan kolet Valencia porte la ouvri.
Valencia vire gade : mwen ap remet demisyon mwen depi se ak papa....
Moun lan gadel Valencia silans li soti.
Michael : se wou'k nan kole danse ak malere sal yo ,,met kòd nan kou yo et lap peye'm kalòt sa.
Moun lan vire li pa lot ke Jayson.
Valencia ap ranje afèl.
Jayson antre kote Valencia : ou konnen kalòt la pat nesesè demwazèl.
Valencia prèske kriye: men trete'm de salope la nesesè.
Jayson men nan poch: non.
Valencia : me lèt demisyon an merci paske nou te pwanm isi an.
Jayson fèmen porte la li chita.
Violanda fin prepare tout dosye li te gen pou rasanble yo an li ale nan biwo Leo li frape.
Leo: antre.
Violanda antre.
Leo wè se li: ou pa serye mom.
Violanda : sim te frape patap jwenn ou ak madanm ou konsa.
Leo: Manmie.
Violanda chita: me tout papye yo,,depi nan komansman rive nan dènye an.
Leo pwan yo: nap voye email la kounya.
Violanda kanpe: vin voye zye'w avan Mr Cooper.
Leo leve tèt gade'l : mwen fèw yon bagay chérie.
Violanda : cheri se pou lè nou soti deyò lakou an,,isi se Mme et Mr.
Leo: ok Mme tout saw vle,,breff map fin gade yo pita merci ou ka soti.
Violanda soti.
Leo: nou pwal jwe chérie( li ri).
Merline te rive nan travay li,,li voye tout bagay jete: mwen Merline map jwenn refi,,bagay mwen pa janm dakò,,dako pèdi nou pwal jwenn avèm Cooper.
Jayson: se frem kap travay la epa tout sam ka fè li kapab,,se sak fèm kitel mwen konnen li pap ka,,ou pwal pote plent li menw pap demisyone.
Valencia : epa wou kap dim sa poum fè mesye.
Jayson: se jis yon konsèy menm pa diw anyen la ki dwol.
Valencia boude se bagay li ray moun tretrel de vye non,,li santi kalot la pa sifi se pou'l te bay youn ankò.
Medam yo te devan antrepriz lan.
Asha : wap antre avèm.
Daniella : ou pwale sèl map soti ak Mama.
Asha: bliye sa vre.
Daniella : mwen fini la sèl jou an ki rete'm.
Asha: mwen konnen ni mwen tou,,map tou bay Jayson kat la.
Daniella : pa'm yo fini mwen vle yon bel fèt.
Asha: manmanm ap la mwen konn fèt la ap bèl.
Daniella : mwen deplase wi fi.
Asha: ok doudou na pale.
Asha desann Daniella ale ak machin la.
Kemisha ap rele medam yo.
Hillary parèt : nou vivan toujou wi.
Kemisha : et ou te vle mouri.
Hillary : janw ye ak nou se deyè saw ye wi matant.
Kemisha ralel nan zòrèy : san konsyans ras papaw,,move plan ou trouve map mal viv ave nou la hein.
Hillary pa kriye li abitye li ret Dan: Bondye ap di otan tati profite.
Kemisha lage zòrèy la: al pwan rad yo ki atè kotem lan pou'w repase.
Hillary : dakò.
Hillary vire dlo vle koule nan zye'l : non Hillary ou pap kriye sa se lach,,jou a la chérie.
Malgré sa dlo an soti kanmenm li fèmen 2 zye'l pou dlo an koule,,pèson pa merite viv sa et encore nan men matant ou kita sipoze manmanw antouka.
Asha mande Michael pou Jayson li voyel kotel.
Jayson te toujou ap pale ak Valencia : réfléchi demwazèl.
Valencia te kanpe Jayson kanpe anfas li.
Jayson serye: ale nan biwo papa'm al depoze plent ou kont li,,kwè'm lap pini papa'm pa sitire youn nan youn nan nou.
Asha ouvri porte la: se travay ou sa,,isi an se nouvo biwo ou an( li gad Valencia mal) ak yon enkapab kap bay kouche'l jis pou promotion.
Valencia ale pou'l pwanl Jayson kenbel lap gade'l nan zye.
Aswiv..... Réagir plus 🥰
❤️
❤
👍
😂
😢
🙏
😮
🥰
💋
❤🔥
264