
🍒•𝐀𝐏𝐏𝐑𝐄𝐍𝐃𝐑𝐄•🍒💝📖
June 7, 2025 at 07:50 PM
Écrit par:*Noël Doudeline Louvendie*
Jayson serye : ale nan biwo papam al depoze plent ou kont li ,, kwè m lap pini l papam pa sitirè youn nan nou .
Asha ouvri porte lan : se travay ou sa ,, isi an se nouvo biwo ou an ( li gad Valencia mal) ak yon enkapab kap bay kouchel jis pou promotion.
Valencia ale poul pran l nan kòlèt Jayson kenbe l lap gadel nan zye .
Jayson: kitem jere sa Madame Valencia.
Jayson rale Asha nan yon ponyèt li soti avèl antre nan biwo avèl.
Asha fache: fout lage menm wap ralem komsi se moun ou kenbe nan bouzen.
Jayson fache plis toujou: pa janm met pyew isit lan ankò Asha e mwen très sérieux epitou wap pale de bouzen prefere w te bouzen olye maledve ou frekan nan yon nivo menm ou menm ou paka konprann tet ou,, Kilèw te konn demoiselle lan pouw ap tretel bouzen e anplus ou pap soti la pouw pa prezante Mrs Valencia excuse ou sinon mwen menm avew tou fini Asha.
Asha tchipe : ou sanble fou Jayson mwen ta prefere mouri olye poum mande sam sot wè a la padon afè wap kitem nan se presyon ok ( li ale poul vire ).
Jayson kenbel li bay yon mine : prezante ezkuz ou ou byen soti la bliye'm yon fwa.
Asha rale menl: mwen pap mande eskuz mwen pap kite avèw ( gadel nan zye) si se pou paske map defann enterè mwen ou trouver maledve mwen fenk kare maledve,,paske'w se pam et wap ret pa'm Jayson L'amour ( met kat la sou biwo an li vire).
Jayson pa etone paske se konsa Asha ye,,li te montrel twop pwen fèb li kounya Asha ap jwe avèl.
Mr Victor rele medanm yo : map tann nou kote nou te dim nan wi.
Hillary ak Kiara ap fè prese yo pa gen kob taxi se apye yo prale malgre solèy la cho yo oblije ale kanmenm.
Kemisha wè yo soti li swiv medanm yo : jodia fok mwen konn nich nou timoun andeyor konn bon map tou jwenn okazyon poum mete nou deyò.
Valencia ap pale sèl dlo koule nan zye'l: jodia pa bon pou mwen menm non seulement mwen jwenn Bruno avek Valentina ap pale , papa kochon yo bay pou Michael lan vin gate sanm epi Jan Mr Jayson Dousman komanl fè sipòte yon fi maledve konsa.
Jayson antre tou wont : mwen pa wè Koman poum diw dezole.
Valencia siye jel : dezole poukisa Mr Jayson ou pa fèm anyn non m ka pozew yon kesyon.
Jayson sourire: wi ou ka pozem tout kesyon w vle.
Valencia: mwen pa rekonet manmanw sevre men papaw se yon moun Dousman ni ou menm tou poukisa Michael maledve konsa e pou mennaj ou a komanw fè sipote yon moun konsa ?
Jayson : tout pitit patap ka menm Jan Michael pa leve avek nou gendwa se sak fèl konsa pou mennaj mwen an li pat konsa se tou denyeman lap afichem konpòteman sa yo men map jere sa.
Valencia: maledve pa gen tretman non mesye lap few wont pi Devan.
Jayson wont li oblije soti : pa bliye al pote papam plent pou Michael.
Medanm yo te jwenn yon woulib sou wout la,, rive tou swe tou bouke.
Kiara: rele mesye a rapid Lala nou pat menm di sòsyè a si nap soti lèn rive la nou anba baton.
Hillary rele nimewo a poutan Mr Victor te kanpe anfas yo
Mr Victor Janbe vin jwenn yo : mwen patap ka pedi bous lan vre paske se 2 zanj ki jwenn li
Kemisha tap swiv : anh se avek granmoun yap koupe lè yo rive ti pakèt yo yap jwenn nan la rue an ( li vire ).
Hillary: ( lonje telephone nan ak bourses lan bay Victor)nou pap rete non mesye paske matant nou pa konn sin soti .
Victor: mwen pa gen mo poum di nou mèsi (li lonje 500 dollars us ba yo) pran sa na bwè dlo avèl.
Kiara avek Hillary reponn ansanm: nou pa vle mesye mèsi( yo vire ).
Victor rele medanm yo : nou sur nou pa vle anyn nou met dim tout sa nou vle map kontan poum ede nou ,,malgre'm di nou pwan bagay yo nou pa pwan anyen,,konsyans mwen pap anpè sim kite nou konsa.
Kiara kouri reponn :Kom ou pèsiste Peye yon ti kou Pwofesyonèl pou nou ( lala pichkennel poul pa pale )kitem pale Twin .
paske nou pa gen manman ni papa se avek yon matant nou nap Viv lap fè nou pase mizè malgre nou tèmine etid klasik nou li pa janm peye yon ti kou Pwofesyonèl pou nou.
Victor tris : nou vle soti kot matant nou an , nou vlem ede nou vreman ? Kom nou te konnen non an deja mwen pap Viv ayiti mwen te Vin regle yon bagay madanm mwen USA mwen pa gen pitit nou vle vin pitit mwen ?
Medanm yo kriye : wi wi nou vle sa malgre nou poko konnenw ase men nou fèw konfyans.
Victor souri : depi jodia nou se pitit mwen , nou met fèm konfyans nou pap Regrèt vin monte machine nan poum al kot matant nou apre poum regle lot bagay yo .
Medam yo monte vreman Yale ak mesye Victor.
Nou chak gon jou li pa bezwen fèt menm jan ak pa medam yo,,men kanmenm jou paw lan la,,jou pa'm lan pa lwen rive,,medam yo dakò eseye san yo pa réfléchi tèlman situation an red pou yo ke lavi pote bon bagay pou yo.
Merline pat janm ka fin dijere sa,,li rele Nathalie lap plenyen: kareman li dim marim se youn pouki se lam vini wi Nathalie ooh sa pap posib pouw wè fèy bouche li kap di sa.
Nathalie : li pa fè manti non Merline bon Bildade gen antrepriz vre poukisa se avèl Cooper ou bezwen kolabore.
Merline: sak fè lespriw lwen konsa ou menm ou pa konnen Sim kolabore avek yo lap pi fasil pou mwen.
Nathalie: jan Leo kanpe Dan sa ou pap jwenn kolaborasyon sa non seum male nap pale pita.
Merline: wap tande nouvel( li rakwoche).
Kounya vye Alexandra wi kap jwe nan tet Leo avek Dany ki pa vle sa fèt ( li bay yon ri satanik) nenpot Jan , nenpot fason fok sa fèt fok mwen pata rele Merline ankò.
Valencia al nan biwo Bildade : mwen ka antre.
Bildade: wi.
Valencia lonje yon papye bay Bildade.
Bildade: lèt demisyon Madame Valencia poukisa ? Nou few yon bagay ki mal.
Valencia pran kouraj li ak 2 men : travay la se tout sam posede (li rale yon soupir) Sim pat konpetan nou patap metem travay isit lan talè a mesye Michael antre Nan biwo . Li eksplike Bildade tout bagay .
Bildade wont: wap travay isit lan avan Michael si Gen pou remèt lèt demisyon se Michael ki pou fèl Valencia.
Valencia: mwen ka pran res lè a paskel deja 2h map antre lakay mwen m pa vreman santim byen.
Bildade: pran tout tanw vle Mrs Cia sof ke nou pap pèdi yon employe tankou w isit lan.
Valencia souri li soti li rele Bruno dil pa bezwen vin chachel paskel pa santil byen Bruno dil dakò lap pase wèl pita lakay li.
Asha te kalme'l malgre li pè pou Jayson pa kitel.
Asha : ou nan la rue avek mama toujou madanm.
Daniella: non mwen lakay mwen poukisa m konnen w tedi se res jounen wap fè ak mariw sak pase.
Asha: Jayson sot gate sanm la pitit (li eksplike l )
Daniella se yon moun ki dirèk : chak jou map diw kite maledve ou pa janm vle ,, ou pa konn demoiselle lan pouw ap tretel de sa siw pa chanje se pa Jayson selman wap pèdi menm mwen menm mpap ka zanmiw paskew maledve twop ( li rakwoche).
Asha tchuipe : kite melem se dlo nou ye nou endispansab Nan lavim.
Ebyen ok Asha wa dim sa pi Devan.
Dany: Leo pa vle chérie lidi poukisa l pa kolabore avek antrepriz maril la.
Alexandra: fi sa genyon misyon pou fanmi nou Dany mwen diw sa deja Merline pa janm fè anyn san enterè.
Dany: m konn sa chérie kilè nou pral achte Rad manmie pa ret jou ankò non.
Alexandra: demen maten chéri nou pral nan magasin an goute pouw wè sa sòs la manke papi.
Dany goute : met yon ti asid bb li gou wi.
Alexandra: ou konnen mwen Gen 10 dwèt mwen chéri.
Hanson : gracieuse ou pa sispèk Violanda avek patron an.
Gracieuse: mwen pa sispèk anyn Hanson se travay mwen vin travay isit lan sepa tripotay mwen vin fè( li vire )
Se pa Dat mwen renmen mawozo a li pa janm wè sa e yo menm sa wi Yao renmen moun ki pa renmen yo.
Hanson ap bay Violanda dan di pandan Violanda ret nan li menm.
Hillary e Kiara rive yo desann.
Kemisha vin avek yon baton.
Kemisha: jodia map resi fe nou kite bann ti bouzen deyè manman li leve baton an poul frape medanm yo Victor gentan kenbel.
Kemisha rele anmweyyyy: An nou vin avek neg nou an la pou vin tirem.
Victor: siw pa silans map rele polis pou ou ,, ou Gen enterè pouw tandem si non sa ap mal pou ou.
Kemisha pa gen lot chwa ke tande Victor paske'l pa konn kiyès li ye.
Victor: yo toujou di matant yon timoun se dezyem manmanl poukisa nan cas paw la li diferan ? Mwen pa neg Princess yo janw dil la ni pa volè ni bandi mwen se papa yo,, m fè yo mennenm la poum teka pale avew men janw fèl lan ou pa merite poum chita pale avew vin ale medam.
Kemisha: nou resi jwenn papa nou bann engra m te konnen pitit moun se benyen yon bò kite yon bò m pa fout regret nou , nou prale jan nou te vini an pa manyen yon branch rad la paske se lajanm kite achte yo.
Medanm yo ap kriye pawol yo blesan.
Victor siye je yo : mwen pa pwomet nou le monde men mwen pwomet nou yon vi heureuse pa kriye ankò.
Medanm yo vire avek Victor Kemisha voye yon gode dlo deyè yo.
Kemisha : mwen pa regret nou se defisi nou tap fèm fè banm al rele Jerry poum bal nouvèl sa ( Jerry se maril ) li pap Viv ayiti .
Valencia te rive lakay li.
Ronald: sak pase Cia ou antre bonè wi.
Valencia: mpa santim byen papi m pral repozem.
Ronald: al repozew nn chérie apre wa pale ak papaw.
Rose gentan sot nan mache : sak pase Cia la Ronald pinga se ti mennaj li an kap bal pwoblèm non.
Ronald: koman ti mennaj la Roro mennaj konn ti lap eksplike nou talè Ann Tann li.
Li gentan 4h Violanda te kanpe ap tann Leo deyò,,Leo gentan deplase nan 45 minute.
Leo sot depoze Princess li yo.
Leo : m pansew te serye maten an wi chérie.
Violanda: blag mwen tap fè papi ou pap antre ?
Leo : non chéri mwen pral pase Kay Bruno ki tedil bezwen m.
Violanda: ok chéri pran swenw.
Dany te sou tab ap manje yon ti vyann ak salade Alexandra bay li goute.
Daniella: mwen pap fè gwo bagay papi , saw panse Sim pran Madame Pilar pou Decoration an lè inogirasyon an li te fè yon bel decor.
Dany : tout saw vle Princess lakou a gran lap ka fè saw bezwen an nou pa bezwen al lwe espas.
Alexandra: nap fèl nan Jaden an chéri , vin blende jus a pou mwen tanpri Danie.
Dany reponn: kiyes nan 2 danie yo mwen menm oubyen Princess.
Moun yo ri.
Alexandra: Princess se pa ou chéri.
Leo pase Kay Bruno.
Bruno esplikel tout bagay.
Leo: konsèy granmoun konn pi bon rele manmie Lucienne pouw eksplike l sa baz.
Bruno: yeah map fesa Patizan ,, mèsi paskew toujou la pou mwen.
Leo: se normal poum toujou la pou frèm man ,, m pap rete nn nap pale.
Leo bay li konsèy antanke yon bon frère,,menl vle Bruno mande manmanl ide pal tou.
Ak tout fatigue li te kouri al kot zanmi'l,,malgre'l pa fè menm 10 minute men sak enpotan an se te al koute sa zanmil gen pou dil lan.
Valencia leve li benyen li nan wout prèske rive Kay Bruno.
Bruno te pwan téléphone li tou rele manmanl.
Bruno: yon sel Madan maryem nan.
Lucienne: marim chéri konsaw lagem Nono.
Bruno: mwen pa lagew manman bon hier mwen kite mesaj pou ou.
Lucienne: se rele pouw relem ti gason se pa mesaj pouw kite pou mwen.
Bruno ri: ki diferans mezanmi koman nou ye menm .
Lucienne: nou byen chéri eu menm koman wap bouje lotbò a koman mennaj la ye ?
Bruno pase men nan tet li : pitit gasonw gen pwoblèm mom banm eksplikew ( Lucienne ap koute pitit gasonl ,,,Bruno esplikel tout bagay).
Lucienne: bagay yo konplike Nono lite sipoze diw li se jimèl.
Bruno: Esa kap touyem Nan mom ,, mwen paka diferansye yo e mwen gentan kouche ak lot lan manman si Cia konn bagay sa lap kitem m pa konn sa poum fè ,,mwen renmen avèl mwen plis santim byen man.
Lucienne : prepare erè an soti nan demwazèl lan,,nan aucun cas li pat dwe kachew vérité an,,et ou gentan fè sak pi red la se kouche ak sèl,,,mwen konseyew met demwazèl lan alèz pouw konn poukisa li te kachew sa.
Bruno: tèt mwen ap eklate man,,mwen renmen Valencia se kouraj pagen pou'm bay verite malgrel mande'm plizye fwa.
Valencia tap parèt puisque porte la te ret ouvri lè Leo soti an Valencia telman seziiii kotel kanpe a li pa konn si poul kouri oubyen si poul rete ...
Aswivv….. reyaji plis 🥰😘
❤️
❤
👍
😂
🙏
💎
😮
💋
😢
🥰
224