
🍒•𝐀𝐏𝐏𝐑𝐄𝐍𝐃𝐑𝐄•🍒💝📖
June 9, 2025 at 07:32 PM
Écrit par:*Noël Doudeline Louvendie*
Bruno: tèt mwen ap eklate man,,mwen renmen Valencia se kouraj pagen pou'm bay verite malgrel mande'm plizye fwa.
Valencia tap parèt puisque porte la te ret ouvri lè Leo soti an Valencia telman seziiii kotel kanpe a li pa konn si poul kouri oubyen si poul rete ...
Violanda fin montre Andoo fè devwa li.
Andoo: timoun yo sezi man yo wèm gen papa kounya.
Violanda sourire : sak fè yo sezi la chérie.
Andoo: yo wè papa'm beau manman, yo panse papam patap vini lèw marye menm.
Violanda riiiiiire : tanpri Andoo ak lèm marye ou an.
Leo rele'l : madanm mwen.
Violanda ap riiiiiire : me pitòw la ap touye'm la wi.
Leo sourire : sa lap di konsa.
Violanda esplikel: ou kwè pitit gen lespri sa.
Leo sourire : nou pwal marye manmie pou'n fè yo sezi.
Violanda sourire.
Valencia te ret tande li konpwann se fòt li et li Regrèt li te gen soeur sa,,li paka kenbe ankò : epiw tap banm manti.
Bruno sezi: Cia..
Dlo gentan ap koule: pansew te diferan Bruno pat pansew tap tonbe nan plan Valentina,,ou wè ki karaktè mwen genyen.
Bruno rakwoche li kanpe: mwen te santim biza chérie mwen Vin konpwann tout bon se li lè nou wè an manmie,,mwen dezole mon amour.
Valencia : konbyen fois ou fè sa?
Bruno jennen : babe..
Valencia ap kriye: konbyen fois Bruno.
Bruno avanse sou li: yon sèl fwa mon Cœur mariw renmenw bb( Bruno pwanl nan bras li) se wou'm vle Cia se avèw mwen santim byen.
Leo te rive lakay li: nou patap fè manje jodya lè sa.
Alexandra : defo nou fini jus nou tap fè.
Leo salye yo: papa'm fin goute lèw pa kwè.
Dany : ebyen se kay ou Leo.
Daniella : kay mwen ak Leo ou menm ak madanm ou pagen.
Alexandra riiiiiire : konsaw lage'm pou frèw.
Daniella al jwenn Leo: sèl li mwen genyen manmie ann monte beboo.
Dany : nal fè landjez.
Moun yo riiiiiire.
Kemisha tap rele mari'l li paka jwenn li: an timoun yo ale vre,,yo wèm pagen moun la yo bezwen pwan nèg yo yo ale,,si digo an bon nap wèl nan zong men yo.
Victor te rive nan kay la: mete nou alèz wii.
Hillary ap gade tout kote: la wap fè nou rete.
Victor: wi nou pa renmenl.
Kiara: wii li bel anpil.
Victor sourire : mete nou alèz talè pwal montre nou chanm nou.
Medam yo kontan.
Hillary : ou kwè'l bon moun.
Kiara: pa bezwen konnen lougawou an pat bon moun,,nou te anba djòl li et li tap maltrete nou ankò.
Hillary : se vre wi nap fè Bondye konfyans.
Medam yo tou silans yap gad tout kote andan an.
Valencia te fini pa kalme'l.
Bruno: mwen renmenw Valencia sim pat renmenw patap kyè konsa manmie,,yon erè pase nou pa bezwen kite pousa paske sa pap fèt ankò madanm mwen.
Valencia kouche sou kanape an: isi an li te vini.
Bruno: yes mom.
Valencia: siw te pwan apèl la tout sa patap rive.
Bruno bese tèt li paske se moman sa menm moun yo te sou mouvman.
Valencia chita: mwen pwale.
Bruno: ou vle mal depozew manmie.
Valencia : non map pwan taxi.
Bruno : taxi map fè kounya bb banm al depozew.
Valencia dako yo soti: poukisaw pat janm vle dim siw te rekonet li.
Bruno : mwen pat fin kwè chérie,,et mwen pata vle nou kontinye pale sousa.
Valencia silans.
Nan 45 minute Bruno depoze'l li bo Cia li deplase.
Tout moun te antre lakay yo,,sak fin soupe gen se kounya kap fèsa.
Bildade : Michael demen swa ou eskuzew anfas Demwazèl Valencia ou byen pot lèt ou banm.
Merline : sak gen ankò.
Bildade : ou ka kite'm pale ak Michael sanw pa antre bouch ou Merline.
Merline fache li twaze Bildade.
Michael : se li ki chache'm pagen eskuz map fè papa.
Bildade : ok ou pa bezwen met pye'w nan antrepriz lan ankò.
Micka gad Jayson,,Jayson ap manje.
Michael leve: se Jayson kite toujou prefere,nenpot tenten li fè nou bat bravo mwen pito retounen en France.
Merline : vin chita manje Michael.
Michael pa okipe'l li vire monte.
Merline fache: se enjis sa kisa li fè apèn lot la komanse yon travay ou gentan jetel pwoblèm lan se wou li ye ( li leve).
Valencia tap veye Valentina apèn li antre Cia vole sou li: ou sonje'm te diw map fèw kite bouzen pwal korijew( Cia pla pla pla,,3 kalot len deyè lot san kanpe goumen met pye.
Ronald parèt : sa nou genla ( lap bat pou separe yo).
Valencia kenbe Valentina nan cheve yo pwan yon so pou 2,,Valencia met men anba kou'l lap pezel.
Ronald rale'l: sa nou genyen.
Valencia : se yon bouzen yon abisye tenten sa ye,,plizye fwa mwen gen menaj li pase pa anba kouche ak yo pito nou te gon chyen nan plas tenten sa( lap kriye).
Ronald sezi ; kisa?????
Valencia ap kriye: mwen bliye telephone mwen li pwanl ,,pase pou mwen map mande poukisa li pat mouri depi nan vant,,se yon gate ras yon san pidè,,map kite isi an et pati ale lwen( li vire).
Ronald santil mal: ou rive two lwen Valentina nèg sèw pata dwe nèg ou( li vire).
Valencia ap pwan rad li met nan malèt.
Valentina ap manyen kòl.
Ronald chita: kalmew Cia ou pap fè yon pa,,poukisaw viv tout bagay sa yo ou pa mete nou alèz.
Valencia : anyen papa fok mwen ale pou Valentina suspann antre nan sak pa regade'l,,prop sèw pwan plezi nan kouche ak nèg ou,,se chak fwa lap fè sa wi papa.
Ronald pwan men pitit: mwen konpwann ou chérie mwen pwal baw yon lot chanm et met porte ladanl,,men ale an pa solution an pitan'm.
Valentina pat antre li te al kay Bruno.
Violanda fin fè twalet pitit li pou'l kouche téléphone li sone: Mr Cooper.
Dany : mwen te espere yon papi,,komanw ye Pilar?
Violanda sourire : mwen byen papa et ou menm.
Dany: mwen byen ma fille et Andyara.
Violanda : li byen lap fèm pale.
Dany sourire : mwen relew pou'm mandew eske wap ka vin dekore pou Daniella,,paskel te renmen fason ou te fèl lan,,lap relew pou fè prix an.
Violanda pa kontan: Mr Cooper.
Dany : bonne soirée ma fille bo Andoo pou mwen( li rakwoche)li pa janm vle touche pou travay li.
Violanda pa kontan li rele Leo malerezman kitap benyen.
Valentina antre nan lakou an lap rele Bruno.
Bruno ale poul di manmie li stopel: saw bezwen.
Valentina ap vin sou li: koman sam bezwen an mwen vin kote mari'm.
Bruno met men nan poch: ou te ka gen mari vre men janw ye la lap enposib,,paske se afè moun ou renmen,,siw pa vle'm choutew la demaskew la san scrupule.
Valentina etone wèl pa bon: epa son frekan ou ye,,Fanm ou an vini li goumen avèm.
Bruno sourire : paske'l gen dwa se nomal pou'l frapew pou'w kite visye ou antre men nan afèl ( Bruno ralel metel deyò li fèmen porte la) merd la.
Victor te gentan bay medam yo chanm,,yo santi yo byen: demen map mennen nou achete rad.
Hillary : dako papa.
Victor resevwa yon mesaj,,li fin lil li pa kontan,,li rele moun ki voyel la: koman lap kanpe kontra an.
Assistant li: ou mande twop et li pa vle kontinye avèw.
Victor : men se projet mwen se nomal pou'm touche plis,,pou kilè réunion an.
Assistant an: li di lap kontaktew.
Victor : dakò ( li rakwoche) mwen te atann ak sa men fok mwen te eseye kanmenm.
Leo te retounen madanm li apèl la: mon amour.
Violanda : kotew te ye?
Leo: mwen te soti cherie ou ok.
Violanda : ou soti sanm pa okouran ok.
Leo: men se pa yon mal bb mwen gran timoun pa oblije metew okouran 2 sa.
Violanda etone: oh ok mwen konpwann bonne nuit ( li tou rakwoche).
Leo ap riiiiiire paske se jwe lap jwe ak Violanda kite gentan fache podjab.
Merline antre kot Michael: ou pa janm sispann fèm wont Michael e bagay maledve sa fok ou kitel
Michael: mwen pas de Bonne humeur poum pale Merline soti kite chanm nan pou mwen svp
Merline vire : siw pa mande Demoiselle lan excuse mwen sorry pou ou paske depi papaw pran yon desizyon li pranl net
Michael ap joure : Bildade se Bondieu depil pran yon desizyon li pranl net la pa gen moun kap fèm mande ti soumoun lan excuse.
Violanda: mwen konnen Nan lanmou pa gen afè granmoun nou tout egal pou Leo soti li pa dim sa epi lap vin pran poz li gran timoun byenfèt Leo ( li femen telephone Nan)
Valentina: Cia banm 3 kalot mwen pa gendwa sèmante sou vim lap peyem sa très chère ou menm Bruno a mwen poko fin avew mawozo . Mwen pa pral lakay la nn pou granmoun sa yo pa vin pale anpil nan tet mwen banm al Kay Nyla
Leo: epam paka jwen ak bby , men map relel mpa jwenn li kounya dame lan fache pou granmesi wi sil pat two ta m te rive kotel
Merline: Bildade fok nou pale svp
Bildade: apres yon long jounen plen stress , tou fatige mpa kwè se bagay bien-heureux Michael wap Vin pale avem la non chérie.
Merline: mais c'est ton fils Chéri fok ou konprann li.
Bildade: map konprann li lèl tankou Jayson Merline, epi dil pa met pyel nan antrepriz lan demen sil pa mande Mme Valencia excuse , travay Demoiselle lan ap fè nan antrepriz lan menm si Michael pran 5 ans li patap ka fèl. Mwen prefere pèdi 10 Michael nan antrepriz lan olye mwen pèdi Valencia e se denye mo 'm sou koze sa.
Merline pa wè sa poul di paske devan antrepriz Bildade li pa gen zanmi ni fanmi .
Jayson: mwen te diw sa wi depiw pote papam plent pou li lap pinil.
Valencia: mwen pat vle rive jiske la se poutet sa mwen te pote lèt demisyon m bay mesye l'amour kounya li fache avek ti gason an sou konsyans mwen.
Jayson " t'inquiète ou enpòtan pou antrepriz lan papam patap ka kite sa san pini epaw di Michael ti gason lol sil te tandew breff si sa pap deranjew palem enpe de ou Vava.
Ronald: sa resi twop Rose Valentina rive Nan denye bout la.
Rose : mwen telman wont mpa wè sa poum di non Roro Valentina ki tout moun sa.
Ronald: Se ou menm ki gatel , twop tolerance pa bon menl soti li poko janm antre yon peyi tou pa bon prefere Valentina mouri pou tout bagay fini.
Rose pa vle pale pou Ronald pa nève plus : kot Cia kounya.
Ronald: li nan lot chanm lan paskel tedi lap kite Kay lan li pap rete menm kote avek Tina ankò al pale avèl non menm Sim konnen se Valentina ki pitit preferew.
Rose leve : mwen pa gen pitit prefere Ronald Valentina fè yon bagay ki pa bon se poul jwenn tout pinisyon ki merite pou Zak malonet sa.
Valencia: mwen pa renmen pale de mwen prefere ou pozem kesyon Map reponn.
Jayson: ak kiyes wap Viv?
Valencia: map Viv ak paranm manmi papi ,( li ta pral dil pa gen sè men li sonje sak sot pase antre Bruno ak Tina li oblije dil ) mwen se jimèl parèy mwen rele Valentina .
Jayson etone : waw mpat pansew te jumelle non Dieu merci mpat few anyn ki mal si non ou te ka marem la wi.
Valencia ri: mwen patap mare w epi mpa konn mare moun tou.
Moun yo kontinye pale pandan Asha ap eseye rele Jayson li pa janm jwenn li.
Asha : Jayson panse lap vin kitem pou ti afriba sa sou fyèl mwen lap pase.
Valentina rive Kay Nyla lap frape lontan.
Valentina: Dat mwen tap frape la ou pa janm vin ouvri pou mwen.
Nyla : mwen te okipe epi lè sa saw gen.
Valentina: epa se sèvyèt ki sou ou Bestie ou pral benyen.
Nyla : non mennaj mwen anndan an.
Valentina ri: ou gen mennaj epiw pat janm dim sa pa gen zanmi vre.
Nyla : pouw pat manjel nan menm bestie paske'w pa janm refize.
Valentina: mwen konn pran mennaj ou deja Nyla.
Nyla : mennaj sèw ki sot nan menm zantray avew ou pran se pa mwen ki zanmiw pou w pata pran l nan menm.
X wèl pa janm wè Nyla tounen li soti vin relel.
X: chéri kotew.
Valentina wè moun lan li Pete yon ekla ri : gen rezon w pat janm dim sa epa se Jeff.
Jeff sezi li pat konn si VALENTINA tap vin Kay Nyla lèsa .....
Aswivv….Réagir plus 🥰

❤️
👍
❤
😂
😢
🙏
💃
😮
💍
😘
276