𝐑𝐨𝐦𝐚𝐧𝐭𝐢𝐜 𝐋𝐨𝐯𝐞 𝐌𝐞𝐬𝐬𝐚𝐠𝐞𝐬𝐬 🍒❤️‍🩹📖
𝐑𝐨𝐦𝐚𝐧𝐭𝐢𝐜 𝐋𝐨𝐯𝐞 𝐌𝐞𝐬𝐬𝐚𝐠𝐞𝐬𝐬 🍒❤️‍🩹📖
June 10, 2025 at 07:26 PM
Écrit par:*Noël Doudeline Louvendie* Valentina wè moun lan li lage yon ekla ri : gen rezon w pat dim siw gen mennaj la epa se Jeff. Jeff sezi li pat konn si Valentina tap vin Kay Nyla lèsa ... Nyla paka konprann : pa dim ou kouche avek Valentina deja Jeff. Jeff: man man man man mie tandem. Valentina ap ri : depi kilèw te bege Jeff bay Nyla verite non. Nyla : sanble se lwa ki gatew Valentina franchman. Rose tal kote Valencia. Rose : Cai kotew yela bb? Valencia: map call ou apre yon ti tan mom bezwen m. Jayson: map tann ou Chère. Rose : sanblew okipe pitom ale ma tounen talè. Valencia: mwen pa okipe non ou ka pale. Rose : lèm vini an papaw eksplike m tout bagay Cia ,, ou diw tap kite Kay la kotew ta prale menm. Valencia: kote moun ki renmenm, kote moun ki pap pran sam renmen, kote moun kap konprann mwen. Rose tris pou Jan Valencia pale a : mwen menm ak papaw renmen w Cia , nou bezwen w Cia , e nou konprann ou chérie mwen mandew padon si te tolere Valentina plis pasew mama men apre sal fè a tout tolerans fini. Valencia: se pitit ou renmen anpil ou paka di tout tolerans fini manman se plas mwen ki pala , se pa premye fwa Valentina pranm pou rivale non nenpot moun kap koze avem li pase devan li pranl nan menm. Rose : se denye fwa li few sa chérie lap peye tout frekansite ( li leve) mwen tolere Valentina twop. Valentina tap chofe Jeff bay verite,,gen moun ki pwan plezi nan detwi moun ap pawòl yo ou byen aksyon yo,,Valentina mwen pa jwenn définition pou li paske'l san parèy devan ravèt. Jeff : wi chérie mwen kouche ak Valentina deja. Nyla : ah bon epim te mandew kont avanm reponn ou mennaj, ou te ouvri bouche ou dim non. Jeff wont: paskem renmenw Nyla Sim te bow verite ou patap renmen avem,,Valentina te pase devan lèl te wè se wou'm renmen,,pou evite vye non mwen te oblije bay sal bezwen an Lala. Valentina ap mate boudal : gadem gadew pouw wè kiyes Jeff renmen. Jeff fache: femen Dan w Valentina ti pa bon se 2,3 grenn plumen mtap pran Nan menw wi m fini kounya mache pos ou kitem Viv trankil ak madanm mwen. Nyla santil trayi: mete nou deyò isit lan avanm rele anmweyyyy pou nou. Valentina: ou paka metew pi fache pasem Nyla se mwen ki pou fache paske se res mwen ou pran Bestie. Nyla gadel avek degou li femen pot la nan figi yo Valentina ap vire Jeff ralel nan kòlèt Valentina: fout lagem koman w fè ralem fò konsa. Jeff : siw fè Nyla kitem mwen kap touyew ak pwop menm bouzen. Leo pat janm ka jwenn Violanda ankò : ou poko donte Landa wap jwe ak kèm. Alexandra : li fache. Dany: Lipa janm vle pran kob se pou rezon sa se Danie map fè pale avèl pito. Alexandra: ou te deja konn se konsa bb , rele manman w chr li bezwen w. Dany : et ou chérie ou pa bezwenm. Alexandra sourire : non papa merci. Dany ri: Epi'm bezwenw wi madanm. Nyla te antre tou tris: tout bagay se Valentina,,tout bagay se res li pou'm pwan,,li genlè konn tout nèg nèt. Michael te desann vin chache bagay poul manje paskel grangou. Michael: kot sèvant kap travay isit la. Sonia: ou paka lèd epiw frekan ankò , ou pa wew sanble ak ti gang. Michael: kiyes ki sanble ak ti gang lan ou pa wew pi frekan pasem ti restavèk. Sonia : se pou lajanm map travay isit la wi wap tretem de restavek la , mwen gen yon volume baton poum fout ou isit la wap respekte moun pou lavi. Michael tou panse ak kalot Cia yo : denye moun ou tap bat , banm bagay poum manje paske m grangou. Sonia vire : m konnenw te fè colère talè a mpansew patap grangou ankò wi. Daniella tap pale avek mario : ou pa santil two bonè chérie Mario: two bonè poukisa manmie bon m renmenw. Daniella: mwen konnen ou renmenm men Ann pa presipite papi. Mario: mwen pa vle fè anyen nan fenwa Danie. Daniella: men ann swiv toujou papi. Mario: pou konbyen tan chérie? Daniella: just kèk semaine pa. Mario: Sèlman Danie. Daniella riiiiiire. Bruno ap dechage boutey lap chaje tèt li : eske mwen koupab, poukisa li pat dim sil te jimèl , eske sil te dim sa avan mtap ka idantifye yo mwen renmen Valencia anpil . Eske apre sal sot tande yo lap padonem ? Bruno ap poze tet li kesyon li poko janm ka jwenn yon repons. Leo pa sispann sone Violanda ki pa janm reponn. Andoo genyon la fyèv ki pa janm pase Violanda pa we sa poul fè li oblije rele Slandie. Slandie: ou te benyenl tard. Violanda: non Slan fyèv lan vreman wo sou li mpa wè sa poum fè non. Slandie: ou pa gen Sirop paracetamol Bb oubyen rele papal poul ka mennenl lopital. Violanda: m pa gen pyès sirop non e pa gen famasi ki tou pre m bb . pa nan mesye sa menm li sot dim li gran timoun li ka soti janl vle. Slandie ri : se jalouzi svp mete jalouzi w lan deyè tanpri pou mwen relel poul mennen princess lopital. Dany te soti al rele manmanl yo gen 3 minute ap pale. Anaïse : ou resi relem Dany mwen few yon bagay ki mal Chéri tout tan sepa Dada ki pou few relem ou pap fel. Se toujou konsa Dany pa renmen pale avel vreman se Alexandra ki toujou ap relel mande komanl ye. Dany : ou pa fèm anyn chérie si Alexandra relew se mwen ki relew wi bb pa bliye nou fè yon sèl . Anaïse ri : janm serieuse m pa kwè se mwen ki genyon pitit blofè konsa Dieu merci mwen genyon bon belfi ki pou relem. Dany : lot la tap fsa tou wi. Anaïse : eyy satan tonbe,,epa Bondye kifè li te soti sou wou. Dany : li toujou vle'm wi man( li ri). Anaïse : bouzen an la vle'w vre,,map vin ayiti pou'm fout li yon baton nan koko. Moun yo kontinye pale se toujou konsa yo pa pale souvan men lè yap pale yo fè anpil tan. Violanda rele Leo li dil Andoo pa byen. Leo: epi se kounya wap dim sa Violanda si pitit mwen an genyon bagay mwen pap padonew non map vini (li rakwoche) Violanda ri : ala traka papa pitit mwen se pam m tande lap di sil gnyn bagay li pap padonem humm. Victor ap pale ak madanm li. Madame Victor: mwen la papi selman fatig epiw mankem tou Victor: ou mankem tou manmie mariw ap vin jwenn ou , chéri mwen gen 2 bagay poum diw yon Bonne nouvelle epi yon mauvaise nouvelle. Mme Victor: banm mauvaise la avan papi. Victor: antrepriz lan pa dakò banm 60 % malgre se projets pam. Mme Victor: mwen te gntn konnen li patap dakò se pou rezon sa mpat vlew ale ayiti papi. Victor: sim pat vin ayiti chérie mwen tap Regrèt mwen jwenn 2 princess. Mme Victor kontan : kibow jwenn yo chérie , yo bel , ki laj yo ? Victor: nan tout kesyon sa yo , kisa poum reponn avan manmie, wi yo bel chérie youn gen 22 ans youn gen 19 ans ( li eksplike madanm li komanl fè jwenn timoun yo ) Mme Victor: se Bondieu ki voyew sou wout yo papi pran swen yo pou mwen demen lèm sot travay pouw fem pale ak yo . Mme Victor gen 45 ans Mr Victor gen 47 ans yo pa gen pitit tout eseye yo eseye yo pa janm ka fè pitit,,men yo gon ti gason yo adopte ki nan laj 20an. Leo leve li pwan machin li soti li pase achte medicament nan pharmacie . Pharmacien an : koman m ka edew mesye? Leo : medicament pou yon ti moun 5 ans li gen fyèv . Pharmacien bal 2 sirop : ba lil pandan sware a mwen konseyew mennel lopital demen maten. Leo dil mèsi li vire. Leo te kouri machin lan anpil,,sitou pat gen blokis li rive Violanda vin ouvri pou li Violanda: sanble map bow yon kle wi . Leo bol :domi w pral domi ou metew sexy konsa manmie,,, se mwen ki pou bow kle manmie se pa ou ki pou banm love. Violanda: sim pral domi m paka bel mesye map bow ? Kle map bow lan se pou lew vini poum pa leve wi. Leo wèl toujou fache : manmie pa dim ou toujou fache non se blag mwen tap fè. Violanda pa okipel lap bay Andoo sirop a. Leo : kòl cho anpil wi bb ,, vin benyen l chérie. Valentina resi antre tou sispèk lap mache sou pwent pye men Rosie ki tap Tann li . Dany ak manmanl yo te kontinye bay blag yo. Anaïse: map vin ayiti lot mois Dany twop fredi Canada Dany: sa papam di nan bagay sa pou madanm li ap vin ayiti poutet fredi. Anaïse: papaw granmoun mwen granmoun Dany li paka anpechem,,mwen tap vini deja se lik te fem rete. Dany: mwen te gntn konnenw granmoun manman , bon male wi. Anaïse: mwen la poum tandew jis lot année Se Leo avek Alexandra ki moun paw ou menm avek Daniella de menm moun. Dany : ou konn Daniella se chak li wè numero transfer a monte lidiw merci , Bonne soirée manmie je t'aime . Anaïse: pandanw disa fok mwen voye yon ti kob pou li pou graduation an wi , ale non Dany je t'aime aussi mon fils Leo met Andoo kouche ti domi pranl : pandan lap domi an kontwole konbyen tanperati a ye Violanda leve lal pran tanperati Andoo: wap tou domi la jodia Mr Cooper . Leo : sispann avek bagay mr Cooper sa manmie se blag mwen tap fè chéri lew tap relem nan se benyen mtap benyen love relax ou manmie ou tou banm anvi manjew la avek ti bout bagay ki sou ou a. Violanda: benyen w tap benyen epi pa fè blag sa yo avem ankò baz ti kèm piti. Leo leve li anbwasel : sim paka jwe ak madanm mwen ak kiyes poum jwe bb wap banm yon lot moun poum jwe (li di tou piti nan zorye vio ak yon yon exsitant) mwen anvi w manmie . Violanda fremi nan bwa mesye a : mwen anviw tou papi. Valentina panse moun yo andan li ap antre tipatipa. Rosie: kenbel nan cheve Dat mwen tap Tann ou la map resi few kite tout frekan jodia. Valentina sezii li pat pase si manman l te deyè baryèè a. Aswiv…. Reyaji plis 🥰
Image from 𝐑𝐨𝐦𝐚𝐧𝐭𝐢𝐜 𝐋𝐨𝐯𝐞 𝐌𝐞𝐬𝐬𝐚𝐠𝐞𝐬𝐬 🍒❤️‍🩹📖: Écrit par:*Noël Doudeline Louvendie*  Valentina wè moun lan li lage yo...
❤️ 👍 😂 🙏 🔥 ❤‍🔥 👏 💃 😮 252

Comments