
INFO9+ JOURNAL EN LIGNE 🇭🇹 | +509 33 19 8981/ +509 33 14 4736 / +509 32 61 8915
May 31, 2025 at 11:19 AM
*Kemi Seba twouvel nan dezyèm vil peyi a, nan kad vwayaj panafrikanis entènasyonal lap fè nan divès peyi*.
Apèn desann avyon, militan Beninwa a🇧🇯 te deklare : « sa kap pase Ayiti nan moman sa a, se paske Ayiti🇭🇹pat deside bese tèt devan enperyalis yo ». « Se Ayisyen ki dwe goumen pou chanje Ayiti », deklarasyon Kemi Seba, ki gen pou patisipe nan plizyè aktivite piblik tankou: yon senpozyòm nan Fakilte Dwa Kap-Ayisyen, nan dat 30 me 2025, ki chita nan ri 22 J & K, epi yon gwo konferans nan dat 2 jen, nan Inivèsite Leta Ayiti (UEH), kanpis Limonad. INFO9+ journal en ligne
