INFO9+ JOURNAL EN LIGNE 🇭🇹 | +509 33 19 8981/ +509 33 14 4736 / +509 32 61 8915
INFO9+ JOURNAL EN LIGNE 🇭🇹 | +509 33 19 8981/ +509 33 14 4736 / +509 32 61 8915
June 6, 2025 at 06:03 PM
Bonswa INFO9+ *Byen vini, nan bilten Aktyalite entènasyonal nou an*_🌎 👉 Administrasyon Donald Trump lan entèdi totalman sitwayen Ayisyen antre Etazini. Lis la gen ladan l: *Ayiti, Afganistan, Tchad, Bimani Repiblik Kongo, Eritre, Iran, Libi, Somali, Gine Ekwatoryal, Yemen ak Soudan*. Mezi sa pran nan sa ki gen pou wè ak sekirite nasyonal. 👉 *Prezidan Tchad , Mahamat Idriss D. Itno, entèdi resòtisan ameriken antre nan peyi l la*. Li enstwi gouvènman aji nan prensip resipwosite, pou sispann bay viza ak sitwayen Etazini Damerik. Prezidan di "Tchad pa gen avyon pou ofri ni milya pou bay, men Tchad gen diyite ak fyète". 👉 *Elon Musk pèdi 34 milya dola nan mwens pase 24 trè aprè altèkasyon li ak prezidan ameriken an, Donald Trump*. Mache ameriken an sou chòk depi yè jedi 5 Jen 2025 sa. Aksyon Tesla yo degrengole de 14%. Depi Elon kite DOGE la, li akize Trump nan trennen peyi a nan delabreman. 👉 *Asanble Nasyonal Fransèz a, adopte, ayè jedi 5 Jen 2025 lan, pwopozisyon rezolisyon ki vize rekonesans, ranbousman ak reparasyon pou doub dèt Lafrans te fè Ayiti peye yo enjisteman atravè òdonans 17 Avril 1825 lan*. Palmantè yo mande mete sou pye yon komisyon endepant, prese prese, sou dosye sila. 👉 *Vòl sòti Pòtoprens pou al nan lòt vil pwovens yo pral rebalanse andedan peyi a apati 12 Jen 2025*. Gouvènman Ayisyen an ofisyalize yon pwotokòl dakò, jounen jedi 5 Jen 2025, ak konpayi ayeryèn @SunriseAirways lan Aktivite vòl yo te paralize akòz monte nivo ensekirite a. MD. di ZanZan *INFO9+ journal en ligne* Suporte par : - *PEDRO STOR*👗👕👖👔👟🥿👠👡🩴🥾🧢👒🎒 Tél : +509 32 61 8915 - GP. manba 🥜🍞 Tél : +509 33 19 8981 A demen pou Yon lòt *Bulletin d'actualité*💫
Image from INFO9+ JOURNAL EN LIGNE 🇭🇹 | +509 33 19 8981/ +509 33 14 4736 / +509 32 61 8915: Bonswa INFO9+ *Byen vini, nan bilten Aktyalite entènasyonal nou an*_🌎...

Comments