INFO9+ JOURNAL EN LIGNE 🇭🇹 | +509 33 19 8981/ +509 33 14 4736 / +509 32 61 8915
June 6, 2025 at 08:09 PM
*INFO9 STARS*
Ban m fè on ti pwen tou kout sou « Picasso » (Wendyyyy Traka 2025) Wendyyy
1. Premyeman, nan nouvo tit sa, Wendy kanpe tèt li tankou rapè ayisyen ki pi akonpli a. Li se pwofesè a. Li se mèt la :
« Rete atantif m vin ba nou poul ki klè tankou dlo kòk ».
Nou ka tou wè itilizasyon polisemik « poul »/« kòk » la. Wendy renmen fè sa nan ekri l. Men an reyalite se yon « fausse opposition » paske ni poul ni kòk pa vle di zannimo nan pasaj sa. Wendy renmen fè « emploi polysémique ».
Anplis, san rezèv Wendy di li se mèt rap ayisyen an:
« M ap fè
Y ap fè tankou m
E y ap ret tann yo fè l pi byen ke mwen ».
Youn nan pasaj ki dekri sa pi byen, se pasaj sila a:
« HMI tann kabrit la fin rantre kounya l vle fèmen baryè l ».
Imaj sa enpòtan anpil. E se pi gwo imaj nan tèks la. Li pran pwovèb ayisyen an, li ba li on lòt dimension estetik ak atistik. An reyalite, se pa 2 kabrit nou konnen an atis la ap pale. Kabrit la reprezante GOAT la, moun ki pi fò depi tout tan an. Imaj lan ale dwat dirèk nan direksyon Picasso anpil moun souvan kanpe tankou GOAT.
2. Dezyèm pwen an, Wendy kanpe tèt li tankou on « Phénix »:
« Albòm sa se on renesans ».
Nou Sonje Wendy te malad. Te gen diskou ki di Wendy fini. Wendy fou. Dayè nou ka wè malgre l sou chèz woulan l ap rap pi rèd.
Sa ki pi entèresan, Wendy pa bay mouvman Rap kreyòl regle anyen pou li. Se wout pa l li te vin trase nan sa li dekri tankou « HMI poubèl la ». An reyalite, Wendy pa rayi kilti a. Men li pran pozisyon l kont on « HMI poubèl » kote pa gen ni prensip ni dwa dotè. Li montre li konstui tèt li andeyò bagay sa.
3. Twazyèm pwen an, se richès imaj Wendy ap itilize yo. Mwen panse youn nan kategori imaj ki demake atis la de lòt rapè yo se sa nou rele « figure de répétition » yo tankou anafò ak epifò:
« Si w vle defini pi fò
Pi fò se mwen
Pa chèche pi fò ke mwen
Nou tout sanble m
Pi fò se mwen
Genyen k vle fò
Pi fò se mwen
Se kè m ki pwòp ki fè se mwen
Se kopye m twòp ki fè w se mwen
Eskize m pa tap tounen
Se chinwa yo ki fòse mwen ».
Nou jwenn tou anpil « figures d’opposition » tankou nan pasaj sa yo:
« M vin sa yo pat ka genyen »
« M fè yo kanpe ap fè tout sa m fè pandan m ap avanse » (‘kanpe’ / ‘avanse’).
« M fè l bliye tèt li pou l ka vin tankou m ».
Anplis, youn nan imaj Wendy renmen itilize anpil se « chiasme ». Ou jwenn li nan ekzanp sa:
« Yo te panse m pa tap reyisi men m reyisi sa m te panse a ».
Li pa itilize figi a pou itilize tankou on « rim vid »; men li ba li on Kokenchenn pwofondè.
An konklizyon, Wendy pozisyone li nan tèt rap ayisyen an. Dayè, li di l nan on imaj frakasan:
« Jeni toujou enkonpri, donk pou n konprann mwen m te vle ret nan nivo n ».
E li sanble gen rezon paske m pa kwè anpil nan nou wè kijan atis la mobilize « Peaky Blinders » nan videyo li a.
✍️Kervins Guerrier