INFO9+ JOURNAL EN LIGNE 🇭🇹 | +509 33 19 8981/ +509 33 14 4736 / +509 32 61 8915
INFO9+ JOURNAL EN LIGNE 🇭🇹 | +509 33 19 8981/ +509 33 14 4736 / +509 32 61 8915
June 6, 2025 at 08:35 PM
Nan mitan gwo konfli ant Donald Trump ak Elon Musk, ansyen konseye Trump lan , Steve Bannon, lanse yon atak dwat sou milyadè a. Li deklare ke li gen “fò kwayans” ke Elon Musk se imigran ilegal e li mande pou yo louvri yon ankèt sou estati imigrasyon li. Bannon ale pi lwen, li mande : • Depòtasyon imedya Elon Musk • Anilasyon tout kontra gouvènman ak SpaceX, Tesla, ak lòt konpayi li yo • Retire aksè li a dosye sekrè Pentagòn yo • Epi lanse yon ankèt sou konsomasyon dwòg pa Musk Deklarasyon sa a fèt jou apre Musk te sipòte yon apèl pou mete Trump deyò epi mete JD Vance kòm prezidan. Bannon di sa montre Elon Musk trayi mouvman MAGA a e li pa dwe gen aksè ak okenn resous leta ankò. _Kess Info_ ⸻ Ou panse Bannon gen rezon oubyen li twò ekstrèm? *INFO9+ journal en ligne*
Image from INFO9+ JOURNAL EN LIGNE 🇭🇹 | +509 33 19 8981/ +509 33 14 4736 / +509 32 61 8915: Nan mitan gwo konfli ant Donald Trump ak Elon Musk, ansyen konseye Tru...

Comments