INFO9+ JOURNAL EN LIGNE 🇭🇹 | +509 33 19 8981/ +509 33 14 4736 / +509 32 61 8915
INFO9+ JOURNAL EN LIGNE 🇭🇹 | +509 33 19 8981/ +509 33 14 4736 / +509 32 61 8915
June 7, 2025 at 03:43 PM
*BILTEN SOU AKTYALITE NASYONAL YO* Samdi 7 jen 2025 👉 *"Brume de Sable Sahara" ki te pase 1- 4 jwen an, pwovoke yon epidemi grip, fyèv, ak tèt fèmal nan mitan popilasyon Ayisyen an*. Selon enfomasyon yo, tout lopital e sant santé yo debòde, e kan deplase yo menm nan yon kriz san presedan. Malgre gouvèneman okouran de sa, yo fè silans, yo pa pran okèn mezi pou fè fas ak sa. Yo kontinye lage popilasyon an ak debwa balanse. 👉 *Lapolis Nasyonal Nan Miragwàn, mete men nan pat kasav Edouard Hilaire, ki fè tèt li pase kò m yon doktè jinekolog k ap fè kitaj, ki menm gen klinik li nan lokalite Duparc, nan Miragwàn*. Enfòmasyon yo ta fè kwè, Edouard Hilaire, nan fè avòtman, deja lakoz plizyè jenn fanm pèdi lavi yo. Pou kounya Édouard Hilaire nan men lapolis pou reponn kesyon lajistis. 👉 *Vendredi swa 6 jen 2025 lan, Gwo deblozay pete nan mitan kowalisyon teworis kriminèl ‘Viv Ansanm yo*. Daprè enfòmasyon preliminè yo, plizyè gang teworis pèdi lavi yo. 👉 Byen bonè maten samdi 7 jen 2025 lan, lapolis tap tire ak bandi grangrif yo. Sa ki lakoz sikilasyon an paralize, pou kounya bagay yo chanje faz, afrontman vin pi anflame... Selon enfomasyon yo, se nan zòn daken, ak andan mowo(mowopèy) bandi yo ye. Si nap fè zòn sa mezanmi anpil pridans pou nou pa viktim *INFO9 journal en ligne* 👉 https://whatsapp.com/channel/0029Va9CV6yGufIygL01Pt3s ______________________________ Suporte par : - *PEDRO STOR*👗👕👖👔👟🥿👠👡🩴🥾🧢👒🎒 Tél : +509 32 61 8915 - GP. Bon manba 🥜🥡 Tél : +509 33 19 8981 A demen pou Yon lòt *Bulletin d'actualité*
Image from INFO9+ JOURNAL EN LIGNE 🇭🇹 | +509 33 19 8981/ +509 33 14 4736 / +509 32 61 8915: *BILTEN SOU AKTYALITE NASYONAL YO* Samdi 7 jen 2025  👉 *"Brume de Sab...

Comments