
INFO9+ JOURNAL EN LIGNE 🇭🇹 | +509 33 19 8981/ +509 33 14 4736 / +509 32 61 8915
June 11, 2025 at 02:53 PM
Bonjou INFO9+ ! byenvini nan *BILTEN AKTYALITE NASYONAL* mèkredi 11 jen 2025 nou an.
👉 *Pakè P-au-P bloke kont bankè tout pèsonalite nasyonzini sanksyone yo*
👉 *Arnel Bélizaire anonse li pral jete KPT a*.
Ansyen depite a sipliye Babekyou mande l pèmisyon tanpri souple. Arnel Bélizaire di l pa ta renmen gen Viv Ansanm anfas li sinon y ap oblije touye l.
Li mande yo espesyalman pou ba li baryè lib nan Kafou Ayopò kote li pral lanse operasyon ranvèse 9 prezidan yo.
👉 *Depi byen bonè maten madi 10 jen 2025 lan brigadye yo melanje ak lapolis tap fè anpil tantativ pou pran kontwòl solino*.
Anpil nèg viv ansanm tonbe yo pa leve pandan pote boure sa.
Soti delmas 30,32 rive Kriswa lapolis ak brigadye yo t'ap choute nèg viv ansanm yo ak kout bal.
👉 *Prezidan KPT a, Fritz Alphonse Jean, te akonpaye Majistra Pòtoprens la, Youry CHEVRY, pou rankontre ak Grégory CHEVRY nan zòn Piyon ki twouve l sou depatman Nò*.
Rankont sa te fèt annakò ak pwomès KPT a te fè poute rankontre Sosyete Sivil Mibalè a, nan lide pou yo negosysye, Sekirite ak Kouran Pelig la, pou kwape gang ki pran Mibalè ak Sodo depi 31 Mas 2025 la.
Sepandan, selon enfomasyon yo, se sèl Gregory CHEVRY ki reprezante Sosyete Sivil Mibalè a nan rankont sa ak KPT a.
👉 *lendi 9 jen 2025 lan, Polis Nasyonal la fè yon entèvansyon nan plizyè zòn anba lavil Pòtoprens*
Daprè kòdinasyon Près ak Relasyon Piblik PNH la, seri entèvansyon sa yo, gen pou objektif pemèt aktivite komès ak transpò piblik reprann nan kèk zòn tankou Kafou Tifou, Pon Senjewo elatriye.
INFO9+ journal en ligne*
Abòne ak chaîne WhatsApp INFO9+ lan pou w ka jwenn plis enfomasyon 👇https://whatsapp.com/channel/0029Va9CV6yGufIygL01Pt3s
_________________________________
Men antrepriz ki sipòte BILTEN nou yo:
- *PEDRO STOR*👗👕👖👔👟🥿👠👡🩴🥾🧢👒🎒 Tél : +509 32 61 8915
- *GP. MANBA* 🥜 Tél : +509 33 19 8981
Ademen 👋

👍
1