
Sigma Chelo 🌟✨
May 29, 2025 at 10:09 PM
🐈⬛ L’Ange Noir ♣️⚫🖤🪽
Chak jou se yon nouvo pwen pou m kòmanse a 0.
Mwen toujou espere demen ap miyò,
Menm si mwen konnen lap pase pi mal jodi a.
Mwen kriye, rele — pafwa mwen anvi kouri
Men mwen pa wè moun nan chemen mwen ye la.
Chak jou mwen santi doulè yo pi plis pou moun ki antoure m.
Mwen mande lavi padon, paske mwen konnen yon jou map kite l,
Pou m al jwenn lanmò, pou m pa fè moun soufri akoz mwen.
Mwen toujou prè pou bay sa m konnen m pap ka resevwa.
Si yon jou ou leve ou pa tande,
Konnen mwen al jwenn zanmi m nan ki rele Mouri,
Mwen panse map jwenn bon akèy nan men l.
Mwen konnen lè m ale, gen anpil ki ap kriye 😭
Men, rete vivan gen plis kap fòse souri 😊 avè m
Pandan andan yo ap boule 🔥❤️🔥 ak soufrans akoz mwen.
Mwen konnen mwen se yon chay 😔
Kidonk mwen gen yon sèl desizyon:
Pou m libere moun avè m, se ale kote zanmi m Lanmò.
Menm si mwen konnen moun ap fè yon semèn ap panse avè m,
Fini apati de dezyèm semèn nan, lavi ap rekòmanse pou yo,
Tankou si mwen pa t janm la, tankou si pa t gen anyen ki te kontè.
Se pa fòt yo… lavi fòse moun aprann bliye pou yo ka siviv.
Mwen pa fache, mwen pa kenbe rankin.
Mwen jis swete lanmou mwen te bay yo,
Yon jou ka sèvi yo kòm limyè.
Pandan mwen menmen ale, pa wè sa tankou yon defèt,
Men yon delivrans, yon silans, yon repo
Pou mwen pa fè lòt soufri ankò.
Si lanmou se chay, kite m pote pa’m
Jiskaske li lage m nan bra Mouri,
Yon sèl kote m santi mwen ka ekziste san twòp ekzistans.
Pa kriye. Pa blame tèt ou.
Mwen kite ou ak tout bèl bagay mwen te kapab bay,
Men pi plis ankò, mwen kite ou ak verite ke:
Mwen te renmen — menm si mwen pat toujou ka montre sa.
L’Ange noir la s’envole…
Men lanmou li rete. 🖤🪽♣️⚫
❤️
1