Sigma Chelo 🌟✨
Sigma Chelo 🌟✨
June 11, 2025 at 01:40 AM
Si lavi te yon plim roz... Li ta ekri sou papye tan an ak bon sant espwa. Pa ta gen doulè ki chita nan silans swa, Ni laperèz ki brase rèv chak mitan lannwit. Si lavi te yon plim roz, Li ta dous tankou chalè men yon manman, Li ta frape kè a tankou bèl mizik lanmou San li pa janm plen ak dezespwa. Men lavi se pa toujou yon plim roz... Li konn kase, li konn tonbe, li konn sal. Li konn ekri sou papye chire, Ak lèt ki plen dlo je ak soufrans. Sepandan, menm lè plim nan pa bèl ankò, Menm lè lank lan fin sèk, Nou toujou ka leve, Chache yon lòt plim, epi rekòmanse ekri. Paske lavi, se pa sa li ban nou sèlman... Men se sa nou chwazi fè avè l.
👍 ❤️ 3

Comments