
🍒•𝐀𝐏𝐏𝐑𝐄𝐍𝐃𝐑𝐄•🍒💝📖
June 12, 2025 at 02:11 PM
Écrit par:*Noël Doudeline Louvendie*
Mario te pote yon bagay pou Daniella yo Nan lakou an : menm lakay ou ye ou oblije bel konsa.
Daniella bo'l: merci beb.
Mario ralel vin sou li plis : ti bo sa pap ka fè anyn pou mwen.
Mario tache bouche li nan pa Daniella 2 zye femen moun yo ap pataje saliv.
Genyon moun ki parèt: Daniella.
Mesyedam yo sezi yo dekole men Daniella wont vire gade dèyèl,,aprè kèk sekond.
Daniella tou jennen : man man man man man man manman.
Li pat panse si manman l tap sot nan lakou a.
Alexandra ap soti : Bonsoir Mario ,,, lèm vini poun pale Danie ( li vire )
Mario : li pap diw anyn chéri ?
Daniella: mwen pa konn sa lap di bb men mwen pa konnen koman lap reyaji surtout li wè nou nan pozisyon sa.
Mario : mwen te diw mete yo okouran deja manmie se ou ki pat vle.
Daniella: mwen tap swiv ou avan chéri.
Mario: mwen swetew fin swiv.
Moun yo kontinye pataje saliv pou jis Mario ale.
Alexandra ap kondwi: ni Danie ni Leo pansem egare wi mesye depi lèl te antre Nan chanm lan al mande kob lan mwen te gntn konnen se saw ta pral dim,,, Mario pa move timoun non si sa mache antre ou menm avèl mwen pap gen pyès pwoblèm avew paskel pa vagabond nonl pa konn site nan move bagay ni ou menm ni Leo nou byen chwazi (li souri ).
Merline te soti nan biznis lan li kwaze Michael chita sou Mach lan ap jwe game.
Merline : sou pwen sa Bildade gen rezon l olye ou eskuzew devan demoiselle lan ou prefere ret chita lakay pou wap grate santi.
Michael pa okipel menm se jwe lap jwe.
Lè Merline bouke pale li vire al regle afèl.
Sonia tap tande: mwen kap fèl kite maledve semaine lan pap fini poum pa korijel pou wou.
Dany nan Biwo Leo a : mwen wew tap fè jalouzi talè a lè mr Dortilus te di sil pat Gen madanm lan li tal renmen ak Pilar a papa.
Leo sourire: kibow te wèm ap fè jalouzi sa Papa ,,, se normal Pilar eduke , li bel , li entèlijant nenpot gason ap toujou renmenl.
Dany: menm janw renmen l lan Jace.
Leo : mwen pa renmenl papa men mwen damoul ,,, mpotko vle mete nou okouran paske m te vle fè nou sipriz nan graduation Danie an si genyon bagay ki plis pase renmen konnen se li mwen Gen pou Pilar,, li gen tout sam tap chache Kay yon fanm papa ,, non selman li bel , li konn pale , li konpweyansib , li se yon bon manman tou Map gadel yèswa kap pran swen Andoo se pa nenpot bagay,, si yon fanm gen yon entans matènel gen 99% chans pou fwaye a byen mache.
Dany frape epol li : ou pat bezwen dim sa poum te gntn konnen w Damou Jace mwen bow benediksyon m deja fiston Pilar se yon bon fanm e yon bel fanm selman pa brize kèl pou mwen pran swenl , bal lanmou , atansyon, afeksyon, lajan , fel sipriz detanzantan fanm renmen sa anpil.
Leo: mwen pap manke pran swenl paskel pa yon chwa se yon obligation papa mèsi pou benediksyon w !! Wap ret fè res jounen an avem ?
Dany leve: non mwen pral pase nan biznis madanm mwen an male nap wè pita siw pa al domi Nan fouk Pilar toujou.
Leo souri : mwen ki te diw mwen domi Nan fouk li yèswa papa.
Dany vire pa gen pi bel bagay konsa lè paran alez ak pitit yo.
Victor te nan machin lap pale ak madanm li.
Victor: mwen dakò pran 40 % an chéri.
Mme Victor: depi lap nan enterew papi ,, nan kilè medam yo ap antre chéri menl deja pwal 3h m poko menm bnyn menm ou kenbem nan pale tandiske ou konnen fok mwen gntn rive Nan travay moun yo avan 4h si non map bale pou tout semaine Nan.
Victor pa kontan deskel di madanm li pa al travay li derefize tandel : se ou menm ki vle al travay wi Martine mwen Gen ase poum okipe nou.
Martine: chéri nap Viv Nan yon peyi ki pa nou pou nou ,, peye bil se wololoy ou pansem pral aksepte chita sanm pa fè anyn ,,men kounya nou gen 2 pitit fi fok mwen travay poum okipe yo. papi banm fin preparem nap pale Nan poz konnen mwen renmenw anpil Victor.
Victor: si peyi nou te bon se pa lakay blan nou tap ye manmie,, konnen Victor renmenw anpil tou chéri pran swenw pou mwen.
Moun yo met fen nan apel lan.
Hanson te pot enpe papye bay Violanda.
Violanda: merci Mr Hanson.
Hanson : kounya se mesye mwen ye Violanda menm si nou pat ka ansanm men nou ka zanmi ou pa oblije enmim konsa.
Violanda: mwen pa enmi w nn Son se wou'k tap evitem.
Hanson: ou pat bezwen dim pou'm te konpwann,,sam te konpwann lan te bezwen tan pou'm dijere'l mwen kontan pou wou.
Violanda: merci.
Hanson pral vire li wè yon mak bò kou Violanda.
Hanson : prochaine fois dil evite makew konsa (li soti ).
Violanda pa konprann li leve al gad nan miwa douche lan li wè pil koka bò koul li sourire : je l'aime tellment.
Valentina pa deside soti jodia li sispèk sispèk paske manman l tedi li poko fin avèl
Telephone li sone.
Valentina: mwen pap ka soti jodia mwen pa two byen.
X: saw genyen ou pa two byen an Lady.
Valentina: mwen gen reg mwen mpap ka soti.
X: mwen gen 2000 mil dollars us lan fè rapid map Tann ou mennen 2 lot lady avew nan adres abityèl lan (li rakwoche).
Valentina ap réfléchi: 2000 mil dollars Humm mpa vle soti pou fanm yo bay pou Rosie a pa bat mwen ankò epi Nyla tou fache avem poutet Jeff mwen pa wè sa poum fè.
Rose pot yon mango bal :men manman,, ou pa bezwen sispèk mwen kap few kite denye defow yo net,, mande kotew pran pye lejè sa mwen pa konnen ,,map touyew ak pwop menm paske mpap aksepte won't pou vòlè se vòlè ak bouzen ki pou wont.
Valentina pa reponn menm paskel pè jazz la li annik pran mango a li leve al lavel poul manje.
Jayson jwenn numero moun lan vreman lal di papal sa.
Jayson: mwen tediw map jwenn li.
Bildade : ou banm twop rezon poum fyè de ou Sonson.
Jayson souri : mwen fyè de ou tou papa ,, Kom li preske 3h nap relel aswè a oubyen demen maten.
Bildade tap antre enpe dosye : fè saw vle Sonson.
Jayson soti: dakò papa.
Dany te pase nan biznis madanm li an vreman janl te di Leo a employe yo kontan wèl.
Slandie : mwen kontan wew Mr Cooper sa fè lontan ou pa pase nou vizit.
Dany: mwen pa gentan Slandie men map pase pi souvan kot Alex.
Slandie: li anndan lap kontwole sak pa genyen.
Dany dil ok lal jwenn madanm li.
Alexandra: ou pat dim ou tap pase la non chéri.
Dany bol : mwen paka fè madanm mwen sipriz ankò.
Alexandra: mwen pa disa chr e komansa ye avek envestisè a ?
Dany manyen tet li : li dakò avek pwopozisyon nou yo e li aksepte bay 40% an
Alexandra : se byen chr bel avantaj wi ,,, Daniella pa diw sil gen mennaj papi.
Dany ri : sil tedim li gen mennaj chr mwen tap diw sa Madan Cooper.
Alexandra: ebyen danie gen mennaj maten mwen wel ap bo ak Mario li sezi li pat panse Sim tap soti.
Dany : Daniella gen laj poul renmen manmie epi Mario pa move timoun ,,yo zanmi lontan si yo wè yo ka franchi lot limit kite yo fel depil heureuse,,, Leo resi dim li renmen avek Pilar wi.
Alexandra: mwen pap kont yo non men Danie te sipoze gntn dim sa ,, Leo telman koken maten an mwen di poul tou met enpe rad kot vio a li ri ban mwen ,wou pa wè timoun yo prann pou egare chéri,,, pran bidon an pou mwen svp.
Dany lonje bidon an ba li: men li chrie ,,, yo gen laj pou yo renmen manmie ba yo libète Jace menm sepa Renmenl renmen Pilar ankò li damou fou ,,ou pa santiw grangou banm al tcheke bagay poun manje bb .
Alexandra: mwen pa telman grangou papi achte yon jumex pou mwen selman.
Dany leve al achte jumex lan pou madanm li se yon fanmi ki pa konplekse yo Viv tankou tout moun yo alez ak tout moun ...
Sekirite a: Mme Gracieuse men yon moun ap mande pou pou deyò a.
Lè Gracieuse soti li wè yon livrè ki kanpe ak yon bel bouke nan menl.
Gracieuse: Bonjour Mr koman mwen ka edew.
Livrè a : bouquet mwen pote pou Madame Pilar ou ka pranl pou li svp.
Gracieuse: anh ok ( li siyen li antre avel pot bay Vio ).
Flash bak
Nou sonje lè Dany tap pale avek Leo a : pran swenl pou mwen , bal lanmou, atansyon,afeksyon, lajan, flè , paske fanm renmen sa ...... yon ide tou monte nan tet Leo li sonje Violanda te fache avel yèswa li deside fè kòmand yon bouquet fleur pou bb a.
Secretaire Gracieuse rive li frape.
Violanda tap antre enpe dosye: oui vous pouvez!!!!
Gracieuse antre li lonje bouquet bay Vio: c'est pour toi Mme Pilar.
Violanda etone e kontan anmenmtan : Merci beaucoup de la part de qui ??
Gracieuse: je ne sais pas Madame,,,, li soti.
Violanda pran bouquet an lap pran sant li lap souri li wè yon Carte ladan.
Ma Violanda d'amour!!!
Aujourd'hui, je prends un moment pour exprimer ce que je ressens au plus profond de mon cœur. Je t'offre ces fleurs, non seulement pour embellir ta journée, mais aussi pour te rappeler à quel point tu es précieuse pour moi.
Chaque pétale est une métaphore de notre amour ; fragile, mais si beau. Chaque couleur évoque une facette de toi : ta douceur, ta force, ta beauté éclatante, et cette lumière que tu apportes dans ma vie.
Je suis conscient que nos attentes et nos désirs peuvent parfois être différents, et je tiens à m'excuser si ma décision de ne pas avoir de relations intimes hier soir te fait de la peine. Ce n'est pas que je ne tiens pas à toi ou que je ne désire pas être proche de toi, mais il y a des raisons personnelles qui m'amènent...
Tu es mon rayon de soleil, ma complice, ma confidente. Avec toi, j'ai découvert ce que signifie aimer véritablement. Ta présence remplit mon cœur de joie et de sérénité. Je suis éternellement reconnaissant d'avoir une femme aussi incroyable que toi à mes côtés.
Peu importe les défis que nous rencontrons, je sais que tant que nous sommes ensemble, nous pouvons surmonter n'importe quoi. Ensemble, nous formons une équipe inébranlable, et chaque jour à tes côtés est un cadeau que je chéris.
J'espère que ces fleurs te rappelleront combien je t'aime et combien tu es unique à mes yeux. Je t’aime aujourd’hui, demain et pour toujours Pilar
Avec tout mon amour Je t'aime encore ma belle future femme.
Dlo soti nan zye Violanda paskel santil ému se premye fwa li santil konsa.
Violanda: je t'aime aussi Leo et je t'aime de tout mon coeur ma vie.
Leo te kanpe deyè pot lan ap gadel ki bay li do li tou antre: je t'aime aussi Landa et je t'aime plus que tout .
Violanda vire li tou anbwasel : non Leo je t'aime plus papi merci babe.
Leo bol sou fwon: tu le mérites princess dezole pou yèswa manmie .
Violanda: ou eskizew deja papi ,, nap tou ale bb.
Leo : wi chérie.
Valencia te fini li rele Bruno,,apèn li fin pale Jayson antre.
Jayson: ou pat janm dim siw gen mennaj non.
Valencia ri : mwen pa renmen pataje vi privem avek moun mwen pa konnen.
Jayson pa kontan paskel wè Valencia tankou yon sè,tankou yon zanmi poutan nan zye Valencia li pa anyn : ah bon mwen konprann mwen pansem te gen zanmi dezole.
Valencia ri Jan Jayson fè figil lan : mwen pa diw pa zanmim non Jay ebyen w konnen kounya dezole Sim potko diw sa.
Jayson: ou te sipoze gntn dim sa kounya Sim te renmen w la.
Valencia: ou patap ka renmen m an parlant de renmen kot demoiselle ou an ki mirak li pa vin la.
Jayson grate tet li : Asha sa se yon fenomèn mpat pansel te maledve konsa menm pou blag.
Valencia: depil aksepte chanje pa kitel pousa.
Moun yo kontinye pale.
Daniella resi pran apèl Asha.
Daniella: wi Asha saw gnyn ?
Asha : ou plus ke yon zanmi pou mwen Danie ou panse n ka nan fache.
Daniella: ou te konnen m plus ke zanmi pou ou epiw tap fè frekanw yo avem konsa.
Asha: mwen dezole Danie edem chanje pito svp pa fache avem.
Daniella: depiw vle wap chanje poukont ou lew wè ou fin pèdi tout moun ou renmen yo wap chanje poukow.
Asha: mwen pap pèdi nou Danie paske mwen renmen ou menm ak Jay anpil nou se fòs mwen map chanje pou nou.
Daniella: se sa manman apresa saw regle.
Asha : map soufri Jay pa vle pran apel mwen.
Daniella: bal tan madanm menm mwen manmanm barem kap bo ak Mario maten an.
Avan Bruno al chache Valencia li deside fè yon lot wout.
Lap réfléchi lèl tap pale ak manmanl.
Bruno: kisa poum fè man?
Manman Bruno: pote tèt ou bay paran li,,mwen sezi wèw pale 2 yon fi konsa.
Bruno: gen 2 fanm ou jwnn man ou tou deja wè se moun paw la,,pa konn demen men sèl sam konn mwen renmenl man,,li fèm renmenl man li gon douceur nan vwal,,li inosan mond sa pa pou li,,li jantiy li renmen travay wow man gen twop rezon pou'm damou.
Manman an sourire : wow pitan'm damou Jesus ke demwazèl sa renmen'w menm jan an tou,,ale chita ak paranl surtout gon erè ki fèt deja.
Bruno : merci man.
Se devan Kay Roland Bruno ye.
Bruno : mwen pa gen lot chwa ke pot tet mwen ale paske mwen renmen Cia anpil mwen pap aksepte pèdil pou anyn Nan monde lan ,,l difisil pouw jwenn yon jeune poze konsa,,si Valentina konnen lap banm pwoblèm map touyel ak pwop menm.
Bon konbyen moun kap touye Tina ak pwop menl Mezanmi manmanl , Nyla, Valencia, men kounya Bruno di lap touyel ak pwol menl antouka Ann swivvv.
Bruno rive li frape li tou strese paskel pa konn koman yap resevwal
X konn wè machine sa deja : koman m ka edew jèn gason.
Bruno: ou se papa Valencia svp.
Ronald gadel li gntn konnen se li ki konn vin depoze Cia a: wi mwen se papa Cia komanm ka edew.
Bruno: mwen ka pale ak Cia svp.
Ronald: ou kwè et saw tap di jenòm,,ou konn Orè Cia plis pase'm.
Bruno reziyel malgre lap tranble se premye fwa li pot tet li bay paran : nou ka antre poun pale svp.
Roland dil wi pandan yap antre se menm moman sa Valentina ap soti.
Valentina seziii: depim rat mwen resi pran Nan pèlen bon sal vin fèla menm .....
Aswivv…reyaji plis🥰

❤️
👍
❤
😂
😮
💎
🙏
✅
❤🔥
💚
88