*MS_B*L'art Des Mots*/*Manipulations/Cerveau*
*MS_B*L'art Des Mots*/*Manipulations/Cerveau*
May 15, 2025 at 03:03 PM
> *#èl-Jis ap Gadew* M’ap gade w ap soufri, dlo chape nan je w, Van an pote rèl ou, li voye yo dwat sou mwen, M’ta vle bare l sou wout li, men li fin depase m byen lwen, M’paka fè anyen, m’ap gade mizè w ap monte chodyè w. Tèlman ou tòde, ou vire, ou frisonnen, Kò w ap kriye, men silans lan fè l san son. Mwen santi w tankou flanm ki mouri sou chabon, Yon dife k’ap bat men pou l viv, men li pa jwenn oksijèn. Chak van ki pase mennen souf ou chaje ak pwa, Li voye l sou do m tankou ou ta vle m santi, Men m’pa ka touche w, pa menm ka fè w tounen souri, M’ap viv lan doley ou, e doley sa pa pou mwen swa. Kè m’ ap rache, li tonbe moso pa moso tankou fèy sèk, Lè m wè ou ap fonn nan je m tankou glas anba solèy. M ta chanje pye mwen an zèl pou m vole sou zepòl ou kòm flè, Pou m kab kenbe w, leve w, mete w lwen soufrans ki peze tankou wòch sou kè w. Ou se chimen mwen ki plen zèb, mwen toujou ap pase sou li, Men mwen vin fatige mache, paske chak pa ou fè m santi mwen kout. M ta vle fonn nan doulè w pou m fè l vin dous tankou siwo myèl sou bout lèv ou, Men doulè pa ou depase mo, li fè kè m vin bèbè, san vwa, san rit. Mwen tande ou soufri… menm lè ou pa pale, Ou se simityè mo ki pa janm soti, E mwen, mwen vin tounen prizonye santiman mwen pa ka geri, Mwen la… men enpotan se pa toujou ase. *𝕄𝕊_𝔹𝕖𝕟𝕤𝕝𝕖𝕪✍🏼*
😢 🥹 🫂 3

Comments