
*MS_B*L'art Des Mots*/*Manipulations/Cerveau*
May 15, 2025 at 11:38 PM
*Lève tèt ou… menm lè tout bagay parèt twoub.*
Nan silans la, gen repons.
Nan tèt chaje w, gen espwa.
Ou kanpe sou doulè w, men ou pa tonbe. Ou chèche limyè, menm lè syèl la san koulè.
Ou sonje rèv ou, men ou aprann pran souf.
Paske chak gade anlè…
se yon desizyon pou pa rete atè.
Yon batay ou pa bezwen pale pou moun konprann li.
Ou la, w ap kenbe,w ap grandi.
*Se pa pòz… se yon pwen refleksyon.*
*Se pa dout… se lavi w kap rakonte w.*
*𝕄𝕊_𝔹𝕖𝕟𝕤𝕝𝕖𝕪✍🏼*
👊
👍
🫶
3