
*MS_B*L'art Des Mots*/*Manipulations/Cerveau*
June 1, 2025 at 11:35 PM
> *#premye ( 1)JEN 2025...*
*Nouvo mwa, nouvo espwa.*
Si w ap souri, ke souri sa grandi.
Si w ap soufri, ke lapè antre dousman.
Paske chak premye jou se tankou yon paj vid
Ou gen dwa pou reekri istwa ou,
menm si plim lan tranpe nan dlo dlo soufrans ou.
*Pou ou ki fatige:* repo pa feblès.
Pou ou ki ap batay: chak pa w konte.
Pou ou ki ap ri: se pa wont si ou te kriye anvan.
Pou ou ki santi w pèdi: pafwa, se lè w pèdi w dekouvri tèt ou.
*Jen* pa pote mirak... men li pote *okazyon*.
Okazyon pou leve, pou padone tèt ou, pou remen plis,
pou kwè ke pi bon lan pa fini ,li ka kòmanse la.
Kèlkeswa kote w ye, ak sa w ap viv…
*Mwa sa a, se pou ou.*
Viv li ak tout kè w, menm si li kase.
Paske kè kase toujou kapab renmen ankò.
*𝕄𝕊_𝔹𝕖𝕟𝕤𝕝𝕖𝕪✍🏼*
> *Bon mwa Jen!*
👍
💯
🙏
🫂
4