*MS_B*L'art Des Mots*/*Manipulations/Cerveau*
*MS_B*L'art Des Mots*/*Manipulations/Cerveau*
June 3, 2025 at 02:38 AM
> *#lèt_pou_demen* Nan yon ti bouk andeyò, te gen yon jèn gason yo te rele Kervens. Chak maten, li leve bonè pou al vann ji zoranj ak manman l sou plas. Men, sa ki te fè Kervens diferan, se pa sèlman kouraj li, men espwa ki te boule nan je l. Malgre lavi a di, chak swa li chita anba limyè labouyi pou li aprann. Li ekri rèv li nan yon ti kaye li te rele: *Lèt pou demen*. Li te ekri: “Yon jou, m pral mete flanm nan kè tout jèn ki dekouraje. Yon jou, map chanje pawòl ‘li enposib’ pou ‘m reyalize l’.” Yo te pase l anba pye, yo te ri rèv li. Men li te kontinye. Li pran chans, li fè konkou, li fè erè, li leve, li tonbe... men li pa janm sispann avanse. 10 lane pita, Kervens tounen pwofesè nan menm lekòl li pa t ka peye a. Chak premye jou lekòl, li mete elèv yo chita, li louvri ti kaye l epi li li: *"Si ou viv difikilte, sonje se pa yon fen. Se baz pou w leve. Pa bliye, chak grenn chenn ka kase si w gen volonte. Men fò w kwè!"* E depi lè sa, chak timoun nan bouk la rele rèv yo pa non. *Moral:* *Tout sa w pa jwenn jodi a, se pa pèt. Se jaden ou kap prepare pou demen fleri.* *𝕄𝕊_𝔹𝕖𝕟𝕤𝕝𝕖𝕪✍🏼*
🫂 🫶 2

Comments