*MS_B*L'art Des Mots*/*Manipulations/Cerveau*
*MS_B*L'art Des Mots*/*Manipulations/Cerveau*
June 6, 2025 at 01:56 AM
> *ESI LAVI... PART 1* *E si lavi pa janm te fasil pou ou ?* *E si chak fwa ou eseye leve, se tonbe w tonbe ankò ?* *Ou ta di:* “Mwen bouke... chak fwa mwen fè yon ti pa, se kòmsi tout bagay ap rale m dèyè.” Mwen tande ou. Men m'ap reponn: “ *E si chak tonbe se te yon leson ke lavi mete sou chimen ou pou w vin pi fò pase jan ou te panse?”* *E si ou santi w pou kont ou...?* Ou ta di: “Pèsonn pa konprann sa m'ap pase. Mwen soufri an silans.” Mwen konprann. *Men e si silans sa se te espas kote fòs ou tap pran rasin?* *E si solitid ou se pa piniyon, men preparasyon?* *E si rèv ou sanble lwen...?* Ou ta di: *“Poukisa pou m kontinye reve si m pa janm wè anyen reyalize?”* Men reyalite a, se pa tout bagay ki fèt vit. Gen reyalite ki pran tan. *E si rèv ou sèlman bezwen detèminasyon ou, pa jodi a, men chak jounen ou pa bay vag?* Mwen pa la pou fè ou kwè tout pral fasil. *Men m la pou di ou:* chak souf ou pran, chak fwa ou leve malgre tout, se deja yon viktwa. *E si ou te fè yon sèl bagay jodi a...?* Pa lage. Paske gen yon “ *demen* ” ki ap tann ou ak limyè, menm si jodi a ou wè sèlman fè nwa. *𝕄𝕊_𝔹𝕖𝕟𝕤𝕝𝕖𝕪✍🏼* > *ASWIVVVV*
❤️ 🥹 🧎‍♀ 🫶 4

Comments