
Club Des Amis De La Vérité Emergée
May 28, 2025 at 10:15 AM
*_Fèt manman yo yè lendi a nan CAVE. Yon bèl egzanm lanmou ak solidarite._*
Yon bèl reyinyon te fèt yè aprè midi 26 Me a nan CAVE. Se te nan kad aktivite fèt Manman yo ke chak ane administrasyon CAVE bay anpil valè, anpil enpòtans. Se yon tradisyon ke CAVE vle toujou kenbe djanm malgre tout neglijans ki gen nan sosyete a.Yon gwo mèsi pou tout moun ki te la pou pou pèmèt aktivite a posib. Si te gen plis moun ki te dako mete men ansanm pou kontribye aktivite a te ka pi gran, pi bèl toujou. Antouka administrasyon an te fè sal kapab avèk fèb mwayen li te jwenn yo pou aktivite a ka reyisi. Yon mèsi espesyal ak tout moun ki te kontribye nan fason pa yo pou pèmèt ke aktivite a posib. Chapo ba pou tout Manman yo nan CAVE san konte lòt manman ki te la tou kòm zanmi CAVE ki te vin byen fete ak nou nan klèb la. Yon gwo mèsi pou nou tout. Onè respè pou nou tout ki te la !

❤️
1