♡♡LA VIE❤️DES❤️ AMOUREUX♡♡
June 8, 2025 at 11:50 AM
🤣 Te gen yon ti gason ki te konn al nan yon bank chak jou, epi l depoze 5000 goud sou kont li 🫰💰Anplwaye yo te sezi wè konpòtman li, se konsa yo te pale sa ak Direktè a👌 Direktè a te mande yo pou mennen l kote li, pwochen fwa li vini fè yon depo ankò 🤔 Nan demen, ti gason an te retounen pou l depoze 5000 goud 🤫 se konsa anplwaye yo te mennen l nan biwo Direktè a👔 Direktè a te mande l, " Ki kote ou jwenn 5000 goud pa jou, antanke yon timoun ?"🤔🤨 Tigason an te souri, epi l te di, " Mwen parye, epi mwen genyen pari yo ."🤷‍♂️ Direktè a te ri, epi li te di, "Montre m kijan ou fè sa!" 😳🤣 Tigason an te di, "Mwen parye 1000 goud ke mwen ka kanpe san pye m pa touche tè a."😱 Direktè a te dakò, se konsa ti gason an te rale yon chèz, li moute sou li 🤣 pye l pa jwenn ak tè, li pran kòb li, epi l ale.✅😀 Direktè a te santi l boulvèse anpil, nan demen, lè ti gason an te retounen 😀 Direktè a te kanpe l epi li te di, "Ou te twonpe m yè, epi ou te pran lajan m, mw bezwen l Back "😠 Ti gason an te reponn, '' Mwen prè pou m parye ankò, si ou genyen, map ba ou 2 fwa kantite lajan ou te ban mwen an🤷‍♂️ epi si w pèdi, mwen pap pran anyen."🫢 Direktè a te rele 10 anplwaye pou sèvi kòm temwen pari sa a 😁 epi yo te aksepte kanpe la. Napwèy tande koze mounanm yo 😂🤣 Kòb fè moun cho hein !!!😩 Ti gason an te di, "Mwen parye, ou mete yon Boksè ble " 👀 Direktè a te ri 😁 epi li te di, "Li pa ble!" 😝 Ti gason an te di, "Li ble!"😌 Direktè a te reponn avèk konfyans, "Mwen sèmante 77 fwa, 2 rat chaje m li pa ble!"🙆‍♂️ Direktè a te desann pantalon l pou pwouve ti gason an ke l pèdi, apre sa li te di, "Gade, li pa ble!" »👌 Ti gason an te souri, li te pran , epi li te bay Direktè a 2000 goud, epi l vire pou l ale.🚶 Direktè a te ri epi li te di, "Ou pèdi pari a, men poukisa ou pa tris?"😩😂 Ti gason an souri, epi li di, "Mwen pa tris, paske mwen te parye ak 10 anplwaye w yo, ke mwen tap fè w desann pantalon w devan yo!"😂🤣🔥
😂 ❤️ 👍 🖕 😢 🙏 😩 😮 🥸 🫥 58

Comments