Constant Haïti🇭🇹
Constant Haïti🇭🇹
May 29, 2025 at 02:07 AM
📌Veteran lame amerikèn nan di jounal @nytimes, peyi a ta dwe enkyete, paske si Erik Prince se gouvènman ameriken ki voye l, li ta dwe reponn kesyon Kongrè. Men si se antreprenè militè prive a ki siyen kontral ak gouvènman Ayisyen, li pap gen kont poul rann a pèsòn. Teknisyen nan defans ak sekirite a fè konnen, M. Prince te bal enpresyon plan li genyen an se gouvènman ameriken🇺🇸ki dèyèl, men aprè, li vin pase dirèk sou konpetans gouvènman Ayisyen.🇭🇹Paralèlman, Veteran an deklare, Erik Prince te dil li prevwa voye sòlda prive an Ayiti, kap soti Salvador, avèk 3 elikoptè pou atake gang yo. Rod Joseph di jounal la, lap pale ak M. Prince depi finisman lane pase, pou te ede li nan bay pèsonèl pou kontra li genyen an. Rod di sa gen kèk jou, Erik Prince ekri li sou yon lis Veteran Ayisyano-ameriken pou voye Ayiti, men li di li te refize bal non, toutotan li pa jwenn detay sou misyon prensipal gwoup militè prive sa a | LSV
👍 1

Comments